POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi, 1ye me 2006

KONTAKTE: Rosie Andre
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-2063

ELÈV NAN 3YÈM ANE ESKOLÈ FÈ NÒT YO PAT
JANM FÈ ANVAN NAN FCAT LA

MIAMI – Pousantaj elèv nan 3yèm ane eskolè nan Lekòl Leta Miami-Dade County ki kapab li e fè matematik monte a gwo pa nan ane 2006 la, enfòmasyon ki soti nan Depatman Edikasyon an montre li monte pou pi wo toujou pou yon dezyèm ane nan rezilta ki soti nan Zòn pou Amelyore Lekòl Distri a.

Pousantaj elèv nan 3yèm ane eskolè ki li nan nivo klas la monte a 71 pousan – yon ogmantasyon 10 pwen nan pousantaj la sou ane dènye.  Nan sa ki konsène elèv yo, yon elèv 3yèm ane eskolè sou chak 10 kab li menm jan y ap atann yo pou yo li nan ane eskolè sa a.

Nan 20 lekòl elemantè ki nan Zòn pou Amelyore Lekòl la, pousantaj elèv ki li nan nivo ane eskolè a monte a 17 pwen nan pousantaj la.  Kòm rezilta, plis pase mwatye elèv 3yèm ane eskolè ki nan Zòn nan –55 pousan – kab li kounye a nan nivo ane eskolè a.  Konparezon an montre yon tyè konsa elèv 3yèm ane eskolè te kab li byen konsa lè Distri a te lanse inisyatif la nan ane 2004.  Yo idantifye lekòl Zòn nan kòm lekòl ki pèfòme trè ba, e lekòl sa yo gen jounen ak ane lekòl ki pi long e yo sèvi ak yon pwogram enstriksyonèl ki inifòm e estriktire e ki mete aksan sou alfabetizasyon.

Rezilta sou pati lekti FCAT la enpòtan anpil pou elèv 3yèm ane eskolè ki bezwen fè nòt pi wo pase nivo FCAT ki pi ba a – Nivo 1 – pou yo kab pase pou 4yèm ane eskolè oubyen pou yo resevwa yon dispans pou demand eta a.  Nan ane 2006, sèlman 18 pousan nan elèv 3yèm ane Distri a te pran nòt ki nan Nivo 1 nan lekti, premye fwa pi piti pase 20 pousan elèv nan 3yèm ane eskolè riske pou yo pa pase.  Nan lekòl Zòn yo, pi piti pase yon tyè elèv nan 3yèm ane eskolè pran nòt ki nan Nivo 1, ki desann enpe plis pase mwatye dezan desa.

Deklen nan nòt nan Nivo 1 nan lekti atravè tout Distri a vle di plis pase 2,000 anplis elèv 3yèm ane eskolè ki pral pase pou 4yèm ane eskolè ane pwochèn.

Yon pòsyon nan FCAT la konpare tou pèfòmans elèv nan Florid la ak nivo nasyonal la.  Rezilta ki soti nan pati egzamen a montre mitan nòt lekti Distri a monte a 57, ki mete mitan Miami-Dade la pi wo pase mitan nasyonal la ki se 50.

Nan matematik, pousantaj nòt elèv 3yèm ane eskolè ki nan nivo ane eskolè a monte a 69 pousan, ki monte sis pwen pousantaj sou ane 2005 la.  Nan lekòl Zòn yo, pousantaj nòt la nan nivo ane eskolè a monte 10 pwen.

###

06-LJG/216/rl