|
ONZ LEKÒL SEGONDÈ PRAL PREMYE POU MIAMI – Onz lekòl segondè nan Miami-Dade County pral premye pou fè eksperyans dinamik transfòmasyon elèv-oryante atravè yon plan refòm lekòl segondè ki pral evantyèlman touche tout lekòl mwayen ak lekòl segondè nan konte a. Nan reyinyon 10 me a, Komisyon Konsèy la apwouve yon lis lekòl pou dirije refòm nan kote bi li se pou asire chak gradye kite lekòl segondè konplètman prepare pou kolèj oubyen yon bon karyè. Lis lekòl yo gen ladan yon lekòl altènatif, nèf lekòl segondè regilye e lekòl ki pi resan nan distri a, Lekòl Segondè Ronald Reagan/Doral Senior High. Nan mitan chanjman yo gen uit-klas ak orè fleksib ki pral bay chak elèv opòtinite pou patisipe nan yon anwolman entèn oubyen anwolman doub nan kolèj anvan gradyasyon. Nouvo orè a tou pral pèmèt planifikasyon komen pou pwofesè anchèf ki nan gwoup oubyen nan akademi karyè, ki pral pèmèt yo modifye enstriksyon pou èlèv espesifik y ap anseye yo. Nouvo orè a tou pral ogmante kantite kou elektif ki disponib pou elèv yo. Apre yo fin wè prezantasyon “United Teachers of Dade” e anplwaye Distri a te fè, omwen de-tyè nan anplwaye nan 11 lokasyon lekòl te vote pou patisipe nan premye ane refòm nan.11 lekòl yo se:
An mas 2005, Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve estrikti pou refòm segondè a ki souliye yon anviwonman enstriksyon pèsonèl baze sou sitiyasyon mond reyèl la; ogmante eksperyans pratik konkrè; fè estaj ak biznis e kolèj lokal; e antrenman ak etid entans e etid ki baze sou estanda ak karyè entènasyonal.Y ap enplemante refòm nan ak plizyè faz. Faz I an te kòmanse 2004-2005 e Faz II se te rapò pou ane lekòl 2005-2006 la. Faz III se enplemantasyon plan an pou ane 2006-2011.Plan Refòm Lekòl Segondè a baze sou sis prensip debaz, ki gen ladan lidè responsab, edikatè konpetan, anviwonman enstriksyonèl pèsonifye, angajman akademik tout elèv, kominote ak jèn ki aktif, e yon sistèm entegrasyon gwo estanda, kourikoulòm, enstriksyon, evalyasyon ak sipò. Etid resan yo montre teknoloji avanse e biznis global yo kreye yon mendèv divè e konpetitif. Pwogram ak kourikoulòm lekòl tradisyonèl yo pa prepare elèv yo pou mache travay la, donk sa vin mande yon restriktirasyon entans nan lekòl segondè yo. Refòm lekòl segondè yo prepare elèv pou demand mache entènasyonal ki fè yo konpetitif ak lòt peyi. # # # 06-LJG/220/DF/sd |