POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 me 2006

KONTAKTE: Rosie Andre
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-2063

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE MEYÈ ZOUTI AK ANTRENMAN POU PWOFESÈ, PLIS ASIRANS ABÒDAB POU TOUT ANPLWAYE 

MIAMI – Mèkredi Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve pou ane pwochèn pou pwofesè ak direktè ka gen plis enfòmasyon dènyè-è sou kòman elèv yo ap pèfòme atravè nouvo egzamen tanporè e evalyasyon debaz nan salklas.

Manm Komisyon Konsèy la apwouve yon kontra $6.88 milyon ak Sèvis Egzamen Edikasyonèl “Educational Testing Service” (ETS) pou pwodui egzamen yo pral bay twa fwa pa ane pou mezire si elèv yo metrize estanda akademik eta a atann de yo.  ETS, yon lidè founisè edikasyonèl nan mezi, ki kreye pami lòt egzamen tankou egzamen SAT e Plasman Avanse, epitou yo pral kreye yon bank pou kesyon egzamen kote pwofesè kab pran kesyon pou kreye pwòp egzamen yo, plis egzamen pi souvan.

Evalyasyon tanporè Distri a bay nan tout lekòl yo pral egzamen plizyè-chwa yo pral bay pou otòn, ivè e prentan a elèv 3-10yèm ane eskolè nan lekti e matematik.  Yo pral teste elèv ki nan ane eskolè 4, 5, 7, 8, 10, e 11 nan syans.  Akoz yo pral aliye evalyasyon yo ak Estanda Eta a “Sunshine State Standards”, Distri a pral chèche apwobasyon eta a pou itilize yo pou yo ka ranplase egzamen dyagnostik ki egzijib yo.

Nan lòt nouvèl, Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve yon pake benefis pou anplwaye, retrete yo ak depandan yo ki elijib, ki pral ofri meyè asirans bay plis anplwaye pandan yo ap fè Distri a ekonomize plis pase $15 milyon.  Komisyon Konsèy la renouvle pake benefis li ak “United Heathcare”, ki ofri yon bès retwoaktif nan peman asirans ki ap efektif apati 1ye avril 2006 pou rive 31 desanm 2006, epitou yon bès nan peman asirans pou ane 2007 la.  

Nouvo pake benefis asirans la pral gen ladan yon ogmantasyon de pwodui HMO wo-nivo yo ofri atravè “Neighborhood Health”.  Epitou y ap gen yon altènatif plan medikal disponib, yon plan a pri-ba pou anplwaye ki poko elijib pou benefis menmjan tou pou depandan anplwaye ak pou depandan aktyèl anplwaye ki gen asirans sante kounye a.

Komisyon Konsèy la otorize tou yon akademi senk-jou lekti pou 600 pwofesè elèv nan 6yèm jiska 12yèm ane eskolè k ap lite ak lekti.  Akademi lekti a pral pran plas pandan ete a, e yo pral bay pwofesè segondè ki sètifye yo priyorite oubyen ki apwouve pou lekti.  Distri lekòl la ap fè tout efò li pou asire l tout elèv ki anwole nan klas lekti resevwa enstriksyon lekti ki apwopriye nan men pwofesè ki ekstrèmman kalifye.  

 Règleman Byenèt Lekòl te vin yon reyalite pou Distri Lekòl yo, jan Komisyon Konsèy la te otorize li.  Règleman an mete disponib edikasyon sou nitrisyon, aktivite fizik ak lòt aktivite lekòl yo kreye pou ankouraje byennèt elèv yo.  Li gen ladan gid nitrisyon pou repa elèv ki ann akò avèk Nitrisyon Timoun e WIC  Akò Re-otorizasyon 2004 gouvènman federal, e ofri patisipasyon tout moun ki enterese nan kominote a. 

###

06-LJG/223/jjs/SD