|
YO NONMEN PWOFESÈ LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY MIAMI – Depatman Edikasyon nan Florid nonmen Anthony Stout, yon pwofesè/defansè pou Pwogram Edikasyon Migran “Title I Migrant” Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), Pwofesè de lane Title I Edikasyon Migran. Stout nan M-DCPS depi 1996 e aktyèlman li ap travay nan Lekòl Elemantè Laura C. Saunders. Li trè aktif nan kominote Migran an, li antrene T-bòl, foutbòl, ak besbòl e li se Chèf Eskout Migran pou senk Ti Gason Eskout e senk Pake ‘Cub’ Eskout, ki totalize 147 ti gason Migran kòmanse de 8 a 18 tan daj. Yo te selekte li tou resamman kòm manm Konsèy Meksiken Ameriken nan Homestead, Florid e li se yon manm komisyon konsèy Asosyasyon Kominotè Everglades, kote moun Migran yo abite. Stout se yon Maren yo onore, ki sèvi plis pase 20 tan e konplete twa, toune 13-mwa nan Vietnam, pami anpil lòt kote. Yo distenge Stout ak prim nan pou dedikasyon li e angajman li ak elèv Migran e fanmi yo, e pou rekonesans pou travay li fè nan asiste elèv Migran ak fanmi yo pou yo jwenn sisksè akademik ak amelyorasyon nan vi yo. ### 06-LJG/231/TEL/SD
|