|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE FÈ GWO NÒT NAN TOUT MIAMI – Rezilta ki soti pou “2006 Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid Ane 2006) yo montre elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County akonpli pwogrè akademik ki siyifyan nan lekti ak matematik nan prèske chak nivo ane eskolè. Nan tout Distri a, pousantaj elèv nan 4yèm a 10yèm ane eskolè ki te li byen monte nan senk sou sèt ane eskolè yo te teste yo. Anplis, nivo lekti nan 5yèm ane eskolè a te rete stab apre yon gwo elan nan dènye ane eskolè a. Pousantaj elèv ki te rive nan konpetans matematik – ki fè nòt nan nivo 3-5 nan FCAT la – te monte nan sis sou sèt ane eskolè yo te teste yo. Mwayèn nòt nan lekti ak matematik te monte tou nan sis sou sèt nòt lè yo te konpare yo ak ane 2005 la. Jiskisi, pi gwo pwogrè yo te fèt nan lekòl mwayen ak sant K-8 Distri a. Pousantaj konpetans lekti elèv nan 6yèm ane eskolè yo te monte de 18 pwen pousantaj a 62 pousan. Nan matematik, nivo konpetans la te monte de nèf pwen pousantaj a 49 pousan. Amelyorasyon pou elèv nan 7yèm ane eskolè yo te wo tou – yon ogmantasyon 10-pwen- pousantaj nan lekti ak yon pwogrè kat-pwen-pousantaj nan matematik. Akoz desa, plis pase mwatye elèv nan 7yèm ane eskolè Distri a – 53 pousan – te vin lektè konpetan pou premye fwa. Nivo konpetans nan matematik la te 48 pousan. Rezilta Gouvènè Jeb Bush ak Komisyonè Edikasyon John Winn te soti yo montre pousantaj elèv nan lekòl mwayen Miami-Dade ki fè nòt nan pi ba nivo, Nivo 1, te desann enpe pase kantite elèv ki te fè nòt nan Nivo 3-5 yo te monte. Sa vle di elèv yo te kapab monte dirèkteman nan kapasite, ke eta a konsidere kòm Nivo 3 e pi wo, olyede senpleman rive tou pre nan estanda konpetans Nivo 2 a. Nan lekòl segondè, pousantaj elèv nan 10yèm ane eskolè ki pase FCAT, ki obligatwa pou gradyasyon an, monte a 46 pousan nan lekti – yon ogmantasyon senk-pwen-pousantaj sou ane dènye. Nan matematik, nivo pou pase a monte a 71 pousan de 68 pousan nan ane 2005 la. Elèv Miami-Dade yo kontinye fèmen espas akonplisman an antre yo menm ak rès Florid la nan ane 2006 la. Pwogrè sou FCAT pou Distri a depase pa eta a an gwo nan lekti nan kat ane eskolè e nan matematik nan sis ane eskolè, malgre meyè rezilta atravè tout eta a. Sòti rezilta FCAT yo madi pou 4yèm a 10yèm ane eskolè te suiv sòti rezilta 3yèm ane eskolè yo nan fen mwa dènye. Pousantaj elèv 3yèm ane eskolè nan Lekòl Leta Miami-Dade County ki kab li ak fè matematik monte anpil an 2006, li te monte plis toujou pou yon dezyèm ane nan rezilta ki te soti nan Zòn pou Amelyore Lekòl Distri a. Pousantaj lekti elèv nan 3yèm ane eskolè te monte a 71 pousan – yon ogmantasyon 10-pwen- pousantaj sou ane dènye. Nan 20 lekòl elemantè nan Zòn pou Amelyore Lekòl la, pousantaj elèv ki li nan nivo klas la te monte a 17 pwen pousantaj. Akoz desa, plis pase mwatye nan elèv 3yèm ane eskolè Zòn nan – 55 pousan – kounye a li nan nivo klas la. An konparezon, apeprè yon tyè elèv 3yèm ane eskolè Zòn nan te kab li osibyen lè Distri a te lanse inisyatif la an 2004. Idantifye baze sou pèfòmans trè ba, lekòl Zòn yo gen jounen ak ane lekòl ki pi long e yo sèvi ak yon pwogram enstriksyonèl inifòm ki trè espesyalize e ki souliyen alfabetizasyon. Nan matematik, pousantaj elèv nan 3yèm ane eskolè ki fè nòt nan nivo klas la te monte a 69 pousan, jiska sis-pwen-pousantaj sou ane 2005 la. Nan lekòl Zòn yo, pousantaj ki fè nòt nan nivo klas la te monte a 10 pwen. Lè yo mete yo ansanm, rezilta 3yèm ane eskolè ak rezilta 4yèm a 10yèm ane eskolè yo ki te soti madi yo montre nivo konpetans nan lekti nan 3yèm a 10yèm ane eskolè te monte a 51 pousan – yon ogmantasyon sis-pwen-pousantaj sou ane 2005 la ki te pouse pousantaj lektè konpetan yo nan Distri a nan yon majorite pou premye fwa depi kòmansman FCAT la. Nan matematik, nivo konpetans nan tout nivo yo monte a 55 pousan. Kat lekòl ki te anba siveyans eta a pou nòt eksplikab “F” yo ane dènye – Lekòl Segondè Homestead, Miami Central ak Miami Edison e Lekòl Elemantè Holmes – chak monte rezilta FCAT yo nan ane 2006 la. Lekòl Holmes te fè pwogrè nan toude lekti ak matematik nan 3yèm ak 5yèm ane eskolè. Twa lekòl segondè yo chak fè amelyorasyon nan rezilta 10yèm ane eskolè yo, e Central ak Edison rekòde kèk pwogrè nan 9yèm ane eskolè a tou. Rezilta yo te soti madi yo se pou tout elèv yo e se pa ak yo y ap sèvi pou nòt eksplikab, eta a pral soti mwa pwochen. Rezilta pou kèk elèv edikasyon espesyal ak elèv Anglè yo limite pa enkli lè eta a kalkile nòt lekòl yo. ### 06-LJG-223/RL |