POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 14 jen 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

PIFÒ LEKÒL MIAMI-DADE JWENN A
NAN MEN ETA A POU PREMYE FWA

MAJORITE LEKÒL RANMASE DE PREMYE NÒT
POU TWAZAN YOUN APRE LÒT

MIAMI – Pou premye fwa depi Eta Florid la te kòmanse fè lekòl yo responsab pou nòt yo pran, pifò lekòl Miami-Dade County fè yon A.

Senkann twa pousan lekòl Miami-Dade – 179 sou 328 ki resevwa nòt mèkredi – resevwa yon A baze sou pèfòmans nan Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid ane 2006 nan prentan an.  Li amelyore sou rezilta 2005 yo kote 46 pousan lekòl yo te jwenn yon A.

Anplisdesa, pousantaj lekòl ki resevwa de premye nòt eta a pou omwen twazan konsekitif monte a 50 pousan pou premye fwa.  Antou, 73 pousan lekòl Distri a te fè yon A oubyen B an 2006, konpare ak jis 6 pousan ki resevwa yon D oubyen F ane sa a.

Katreven-sèt lekòl te gen pi gwo nòt an 2006 pase 2005, enkli 59 pousan lekòl mwayen (37 lekòl).  Kantite lekòl avèk pi gwo nòt an 2006 pliske double kantite avèk nòt ki pi ba.

Venn de sou 39 lekòl ki gen jounen pwolonje ak ane lekòl pi long atravè Zòn pou Amelyore Lekòl la te ogmante nòt lèt yo.

De sou kat lekòl ki te resevwa plis atansyon ane lekòl sa a akoz nòt F an 2005 – Lekòl Elemantè Holmes ak Lekòl Segondè Homestead – te ogmante nòt yo C ak D, respektivman.  De lòt lekòl yo – Lekòl Segondè Miami Central ak Lekòl Segondè Miami Edison – anrejistre ogmantasyon nan pwen yo 14- e 20 nan sistèm pou bay nòt eta a, men yo pa rive fè nòt D akoz yo pèdi de e kat pwen, respektivman.  Distri a fè yon apèl pou nòt Central ak Lekòl Mwayen Westview yo akoz enfòmasyon sou FCAT 2005 la pa disponib nan lekòl mwayen an.

###

06-LJG-243/RL

Retournen sou Nòt pou laprès