POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 novanm 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

KANÈ YO ALE LAKAY JODI A

MIAMI – Paran elèv lekòl Leta Miami-Dade County kab atann pou yo jwenn yon ti bagay anplis nan sak pitit yo jodi a – yon kanè.

Paran ak elèv kab gade nòt pou premye peryòd nòt la sou Entènèt nan pòtal paran ak elèv yo.

Paran ki gen kont deja kab wè “Electronic Gradebook” (Liv Nòt Elektwonik) atravè Pòtal Entènèt/Paran an nan [http://myportal.dadeschools.net/paran/].  Paran ki pa genyen yon kont dwe ale nan lekòl pitit yo a pou yo siyen yon “Parent Portal Identification Form” (Fòm Idantifikasyon pou Pòtal Paran) pou yo jwenn yon “Parent PIN Number” (Nimewo PIN Paran) pou yo kab anrejistre.  Pou jwenn Liv Nòt Elektwonik la nan telefòn, paran yo dwe pran yon “Interactive Voice Response (IVR) Pin Number Code” (Nimewo Idantifikasyon pou Repons ak Vwa Entèyaktif) ak direksyon yo nan lekòl pitit yo a.

Liv Nòt Elektwonik la se yon zouti entèyaktif pwofesè ak administratè yo sèvi pou yo kab kenbe nòt ak prezans elèv yo, e li disponib pou paran ak elèv.

Kanè enpòtan paske yo ogmante kominikasyon ant lekòl la ak lakay, ki pèmèt paran kab vin patnè aktif nan edikasyon pitit yo.  Yo bay yon bonjan lide sou fason yon elèv ap pwogrese nan edikasyon li.  Anplisdesa, yo bay paran opòtinite pou yo konnen si li nesesè pou fè yon konferans ak pwofesè pitit yo.

###

07-JSS/218/QDT/RL

Retournen sou Nòt pou laprès