|
DTÈ. WILBERT “TEE” HOLLOWAY PRETE SÈMAN KÒM MANM KÒMISYON KONSÈY LEKÒL LA MIAMI –Ansyen Reprezantan Eta Wilbert “Tee” Holloway te prete sèman yè kòm manm Komisyon Konsèy Lekòl la pou Distri 1 nan yon seremoni espesyal ki te fèt nan Lokal Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la. Antoure ak fanmi, zanmi, elèv, ofisyèl eli ak anpil kòlèg ki soti nan Chanm Depite a, Dtè. Holloway te prete sèman devan Onorab Teretha Lundy Thomas ki soti nan 11yèm Tribinal Zòn nan Florid la. Se Prezidan Komisyon Konsèy Lekòl la Augustin J. Barrera ki te kòmanse seremoni an, ki te gen ladan Vis Chèmann Perla Tabares Hantman, ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Evelyn Langlieb Greer, Dtè. Martin Karp, Dtè. Martha Pérez, Renier Diaz de la Portilla, ak Dtè. Solomon C. Stinson. Pami lòt moun ki te asiste seremoni sa a nou jwenn tou Depite Retrete U.S. Carrie Meek, Senatè Florid Frederika S. Wilson, Depite Florid Ronald Brisé, Depite Florid Dorothy Bendross-Mindingall, Depite Florid Carlos Lopez-Cantera, Depite Florid Yolly Roberson, ansyen Depite Florid Phillip Brutus, Komisyonè Konte Rebeca Sosa, Komisyonè Konte Audrey Edmonson, Majistra Miami Gardens Shirley Gibson, Majistra Opa-Locka Joseph Kelly, Komisyonè Opa-Locka Rose Tydus, Roly Marante Anplwaye an Chef nan Biwo Kòmisyonè Sosa; Joyce Postell Direktè Distri pou Depite U.S. Kendrick Meek, ak reprezantan ki soti nan biwo Senatè Florid Larcenia Bullard, ak Depite Eta Florid Edward Bullard. Apre seremoni an te gen yon resepsyon nan estidyo WLRN yo. ### 07-JJS/227/HD/CM |