POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 5 desanm 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

YO NONMEN CREW SIPÈENTANDAN ANE A POU ETA FLORID

Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl Florid yo nonmen Dtè. Rudolph F. Crew, Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), Sipèentandan Ane 2008 pou Eta Florid. Se ansyen Sekretè Edikasyon Etazini Rod Paige ki te pwopoze Dtè. Crew pou li jwenn prim sa a.

SIPÈENTANDAN CREW di “Se vrèman avèk anpil onè m ap resevwa prim sa a. Li reflete angajman Komisyon Konsèy Lekòl la, anplwaye, paran, lidè kominotè, e avantou, elèv yo. Se patisipasyon nou tout ki ka fè nou reyisi eslogan nou an, ‘lage mond la nan plamen elèv nou yo’, e se nou tout ki pataje onè ki gen prestij sa a.”

AGUSTIN J. BARRERA, Prezidan Komisyon Konsèy Lekòl la di “Anba direksyon Dtè Crew, nou fè bonjan pwogrè nan plizyè domèn, espesyalman nan redui eka reyalizasyon ki genyen nan mitan diferan gwoup elèv.

DAVID LAWRENCE, Prezidan Asosyasyon “Early Childhood Initiative” deklare
“Pandan 35 ane kòm repòtè jounal, redaktè ak editè, e nan kèk ane ki sot pase yo, travay a tan plen nan domèn ‘school readiness’ (preparasyon pou aprann) fè mwen rive konnen anpil sipèentandan. Dtè Crew se pi bon sipèentandan mwen janm obsève.”

Msye. IVELISSE CASTRO, Prezidan Konsèy PTA/PTSA nan Dade County deklare “Se yon vrè privilèj pou kominote nou an pou li gen yon sipèentandan ki wè lwen e ki gen kouraj konsa.”

MODESTO A. MAIDIQUE, Prezidan Florida International University deklare “Travay san pran souf Dtè. Crew ap fè pou li ranfòse kolaborasyon ant tout sektè nan kominote a vin kreye yon nouvo modèl nan fason pou moun adrese pwoblèm san parèy yo yon kesyon ki delika tankou lekòl leta nan zòn peple.

HARVE MOGUL, Prezidan e CEO United Way Miami-Dade deklare “Angajman Dtè. Crew pran pou bay timoun tout orijin yon edikasyon ki gen kalite se yon bagay enòm e li sèvi egzanp atravè misyon enfatigab li genyen ki se ranfòse systèm edikasyon an Ozetazini e ba li yon lòt vizaj.”

ROD PAIGE deklare “Rudy Crew fè pwomosyon lekòl leta avèk pasyon e li konnen tout defi nou rankontre. Li se yon vizyonè ki mete estanda ki wo pou lekòl li. Depi li rive nan Miami-Dade an 2004, nivo reyalizasyon yo pa sispann monte e tout moun wè sistèm sa a tankou yon modèl pou lòt distri atravè peyi a.”

###

 

Retournen sou Nòt pou laprès