POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 10 janvye 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

M-DCPS AP ANONSE DAT KONFERANS PARAN/PWOFESÈ

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade ap anonse dat konferans anyèl paran/pwofesè yo.  Ap gen konferans nan chak lekòl elemantè, sant K-8, lekòl mwayen, ak lekòl segondè. Yo pwograme konferans yo pou tonbe menm dat ak jou Distri lekòl la ap lage bonè. N ap ankouraje paran yo pou yo kontakte lekòl pitit yo davans pou mete randevou pou yon konferans paran.

Paran elèv nan lekòl elemantè dwe fè lòt aranjman pou swen timoun si pitit yo pa anwole nan yon pwogram pou swen apre lekòl. Sèlman elèv ki deja anwole nan pwogram apre lekòl y ap pèmèt rete nan lekòl la apre 11:45 dimaten lè lekòl la lage.

Dat pou Konferans Paran/Pwofesè


            NIVO

DAT KONFERANS

LÈ LEKÒL YO AP LAGE BONÈ

     LÈ SESYON KONFERANS YO

Elemantè

15 janvye 2008

11:45 dimaten

12:15 – 3:20 nan apremidi

Elemantè (Zòn)

15 janvye 2008

11:45 dimaten

12:15 – 4:00 nan apremidi

Sant K-8

15 janvye 2008

11:45 dimaten

12:15 – 3:20 nan apremidi

Lekòl Mwayen

28 janvye 2008

Midi

12:30 – 3:40 nan apremidi

Lekòl Mwayen (Zòn)

28 janvye 2008

Midi

12:30 – 4:00 nan apremidi

Lekòl Segondè

5 fevriye 2008

11:00 dimaten

11:30 dimaten-2:40 nan apremidi

Lekòl Segondè (Zòn)

5 fevriye 2008

11:00 dimaten

11:30 dimaten -3:20 nan apremidi

###

08-JJS/242/QT/RA

Retournen sou Nòt pou laprès