M-DCPS SELEBRE “BLACK HISTORY MONTH” (MWA ISTWA NWA)
MIAMI – Pou onore “Black History Month,” (Mwa Istwa Nwa) Lekòl Leta Miami-Dade County òganize aktivite “Black History Month” pou tout mwa fevriye a, e li bay tout lekòl li yo gid resous, ki pral sèvi kòm zouti edikasyonèl. Nan aktivite yo, yo pral onore pyonye ak Ameriken nwa nan tan pase, pandan y ap trase chemen edikasyonèl pou yon avni briyan.
Objektif Black History Month se pou raple atansyon edikasyonèl, kiltirèl, sosyal, espiriytèl ak ekonomi Ameriken Nwa Ozetazini.
Aktivite Espesyal “Black History Month” e Gid Resous
• Atis Nwa yo: Yon Pèspektif Istorik. Eksperyans Pratik
Kourikoulòm ak Enstriksyon M-DCPS, Syans Sosyal, an konjonksyon ak “Miami Children’s Museum (MCM)” ap prezante eksperyans pratik ki gen pou tit: “The African-American Artis” (Atis Nwa yo): Yon Pèspektif Istorik. Yo òganize eksperyans pratik sa yo pou elèv lekòl elemantè ki nan klas Jadendanfan-6yèm ane eskolè ki eksplore travay notab Atis Ameriken Nwa yo ak entèpretasyon atistik yo nan istwa Etazini. Se yon akeyolojis ak edikatè MCM ki pral prezante esperyans pratik san parèy sa a nan salklas yo. Elèv yo pral diskite “Harlem Renaissance” (Renesans Harlem) ki pral gen ladan imaj, mizik klip djaz ak patisipasyon nan leson dans toukout. Anplisdesa, elèv yo pral ekzamine swasant seri panèl travay atistik Edward Mitchell Banister ak Jacob Lawrence, “The Great Migration,” ki rakonte migrasyon nwa nan nò pandan WWI.
• “The Griot,” Jounal Istwa Ameriken Nwa
Kourikoulòm ak Enstriksyon, Syans Sosyal ki souliyen siksè Moun Nwa, meyè pratik, plan leson, atik, Distri, ak evènman kominotè nan bay lekòl yo jounal chak trimès. Yo distribye yon edisyon espesyal Istwa Nwa “Griot” bay tout lekòl yo.
• Vizit Plas Istorik Nwa Miami-Dade County
Kourikoulòm ak Enstriksyon, Syans sosyal ak Achiv Moun Nwa nan Sid Florid la patwone Vizit Plas Istorik Nwa Miami-Dade County. Pwofesè sèvi kòm gid nan vizit la pou elèv yo nan yon otobis ki souliyen kominote nwa vibran nan Miami, ki date depi ane 1890 yo. Pou plis enfòmasyon kontakte Ms. Anita McGruder nan 305-995-2490 oubye pa vwa lèt elektwonik nan amcgruder@dadeschools.net.
• 32yèm Konpetisyon Anyèl Theodore Gibson
Nan yon efò kolaboratif, Distri a, Kolèj Miami-Dade, ak elèv M-DCPS ki soti nan “Miami Urban Debate League” ap patwone e prepare timoun lekòl pou 32yèm Konpetisyon Oratwa Anyèl Theodore Gibson. Nan konpetisyon sa a gen plis pase 1,000 elèv elemantè ak segondè ki pral fè konpetisyon pou meday Theodore Gibson nan ki trè popilè. Konpetisyon Oratwa Theodore Gibson ekspoze timoun yo sou eksperyans literè varye Ameriken Nwa e ofri yo opòtinite pou dekouvri e amelyore ladrès rechèch yo, redaksyon yo, ak pale devan piblik atravè konpetisyon egzijan. Yo ap fè konpetisyon final la vandredi 2 me 2008 nan Kolèj Miami-Dade Lehman’s Theatre.
• Konpetisyon Redaksyon Lekòl Elemantè ak Segondè Black History Month
Pou sipòte tèm “National Black History” (Istwa Nwa Nasyonal): Carter G. Woodson ak “the Origins of Multiculturalism,” (Orijin Miltikiltirèl) inisyativ lekti ak ekri Distri a, Kourikoulòm ak Enstriksyon, Syans Sosyal, an kolaborasyon ak depatman Lekti/Redaksyon, “United Teachers of Dade,” (Sendika Pwofesè) ak jounal “The Miami Times,” ap patwone Konpetisyon Redaksyon Black History Month la. Konpetisyon sa a ouvè pou elèv elemantè, mwayen, ak segondè ki pral patisipe nan kategori separe. Dènye jou pou soumisyon se vandredi 8 fevriye 2008.
Konpetisyon Redaksyon Lekòl Elemantè ak Segondè a ap fèt tankou sa k ap suiv yo:
Redaksyon pou Lekòl Elemantè:
• Lontan, se te avèk anpil fyète Amerika te pèmèt imigran adopte “the American way” (Estil devi Ameriken).
• Pansede bagay Dtè. Carter G. Woodson te fè pou fè Ameriken wè enpòtans e rekonèt kontribisyon Ameriken Nwa.
• Kounye a, ekri pou eksplike lektè w yo kòman Amerika benefisye lè yo rekonèt kontribisyon tout moun.
Redaksyon pou Lekòl Segondè:
• Lontan, se te avèk anpil fyète Amerika te pèmèt imigran adopte “the American way” (Estil devi Ameriken).
• Pansede bagay Dtè. Carter G. Woodson te fè pou fè Ameriken wè enpòtans e rekonèt kontribisyon Ameriken Nwa.
• Kounye a, ekri pou eksplike lektè w yo kòman Amerika benefisye lè yo entegre diferans kiltirèl nouvo moun ki vini yo pote ak yo nan Amerika?
Prim Redaksyon pou Istwa Nwa:
• Jounal “The Miami Times” pral bay gayan lekòl Elemantè ki pran premye, dezyèm, ak twazyèm plas konsa:
1mye plas - $300 “U.S. Savings Bond”
2yèm plas - $200 “U.S. Savings Bond”
3yèm plas - $100 “U.S. Savings Bond”
• “The United Teachers” pral bay gayan lekòl Segondè prim separe pou premye, dezyèm, ak twazyèm plas yo pran kategori lekòl mwayen ak segondè konsa:
1mye plas - $400 “U.S. Savings Bond”
2yèm plas - $250 “U.S. Savings Bond”
3yèm plas - $100 “U.S. Savings Bond”
Pou lansman “Black History Month,” M-DCPS ap fè twa evènman nan kòmansman mwa sa a:
• Espirityalite Ameriken: Opòtinite Pwofesyonèl Pase e Prezan
M-DCPS ak “Carnival Center for the Performing Arts” bay yon opòtinite pou devlopman pwofesyonèl pou pwofesè elèv Jadendanfan a 12yèm ane eskolè nan syans sosyal, mizik, dans, teyat/dramatij ak lekti/redaksyon.
• 15yèm Kilti Anyèl Istwa Nwa & “Brain Bowl”
Kourikoulòm ak Enstriksyon M-DCPS, Syans Sosyal, an patenarya ak Inivèsite Florida International University, patwone Konpetisyon Rejyonal Kilti Nwa “Brain Bowl” 2008. Ekip elèv nan 6yèm rive nan 12yèm ane eskolè pral fè konpetisyon nan reponn kesyon FCAT ak SAT baze sou vokabilè ak kesyon konpreyansyon nivo kolèj yo pran nan literati ak travay istorik. Se te lekòl mwayen Hammocks ki te gayan konpetisyon “Brain Bowl” la. Kounye a yo ap avanse pou konpetisyon eta a.
• 19yèm Anyèl “Read-In-Chain” (Lekti Anchèn) Ameriken Nwa
Yo te avize tout lekòl nan Distri a pou fè lekti yon pati siyifikan nan Black History Month, lè y ap chwazi liv Ameriken Nwa ekri e lè y ap prezante “Read-Ins” nan lekòl yo. “International Reading Association” (Asosyasyon Entènasyonal Lekti) andose Chèn lekti Ameriken Nwa yo.
Pou plis enfòmasyon sou sa yo ak lòt aktivite Kourikoulòm ak Enstriksyon, Syans Sosyal, silvouplè kontakte Ms. Sherrilyn Scott, Sipèvizè, Kourikoulòm ak Enstriksyon, Syans Sosyal, nan 305-995-1971, oubyen pa lèt elektwonik nan sherrilynscott@dadeschools.net.
###
08-JJS/253/QDT/SD