|
***NOT POU LAPRÈS*** KONFERANS PARAN PWOFESÈ ANILEMIAMI – M-DCPS anonse jodi a konferans paran pwofesè ki ta dwe fèt bonè nan aswè yo anile akoz chanjman nan bidjè ki afekte Distri a. Konferans sa yo te pwograme pou fèt 19 fevriye pou lekòl elemantè ak sant k-8 yo, 26 fevriye pou lekòl mwayen yo, e 4 mas pou lekòl segondè yo. Yo p ap repwograme konferans sa yo ankò. Yo ankouraje paran yo pou yo mande rankont avèk pwofesè yo chak fwa sa nesesè. Pou sa ki konsène règ Komisyon Konsèy la, tout lekòl dwe pwograme konferans Paran/Pwofesè si paran yo mande sa. Nan efò y ap kontinye fè pou ede devlope patenarya lakay/lekòl, lekòl yo deja fè de sesyon Konferans Paran/Pwofesè nan ane lekòl sa a kote lekòl te lage bonè; youn te fèt ann Otòn e yon lòt apre Vakans Ivè a. ### 08-JJS/255/QT/CM |