POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 fevriye 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A DETÈMINE POU LI
AKTIVE ENTERÈ ELÈV YO NAN PWÒP EDIKASYON YO

Edikatè tout kote nan Miami-Dade County fèk genyen yon nouvo modèl: Meyè Pwofesè pou Ane a nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Jacquelle E. Sconiers. Yon pwofesè ki vrèman enspire elèv li yo pou yo panse, li sèvi tou kòm yon enspirasyon pou zanmi li.

Sconiers anseye biznis, matematik ak ladrès sosyal pou yon popilasyon elèv anpil moun kab konsidere kòm “unteachable,” (moun ki pa kab aprann) ki anwole nan pwogram edikasyon altènativ ki nan Lekòl Sant Jistis Jivenil la.

Sconiers di, “Yon moun òdinè ki pa konprann kapab kalifye timoun sa yo kòm moun ki pa nan sosyete a, moun ki pa nòmal oubyen tou senpleman kriminèl. Souvan mwen fè elèv mwen yo sonje yon prizon pou jèn pa oblije dènye destinasyon yo, e yon prizon oubyen yon kav pa oblije enskri nan avni yo.” Li di, “Yo responsab pou pwòp desten yo.”

Sconiers di elèv li yo fyè anpil pou li akoz li se gayan pi gwo prim pou ansèyman, men pou li, reyalizasyon sa a pa gen ase motivasyon ladan pou ba yo yon nouvo pasyon pou edikasyon. Li deklare: “Sepandan, mwen kwè yo santi yo espesyal lè yo wè yon moun ki gen kalite distenksyon sa a, sansib pou yo tèlman, li chwazi pou edike yo.”

Sconiers ap fè efò pou l vin tounen etensèl ki limen limyè ki ap ankouraje chak elèv li yo kontinye aprann tout lavi yo. Li baze sou valè paran li te transmèt li pou li kab pèsyade elèv li yo e senpatize avèk yo, pou l kab ede yo ouvri lespri yo pou nouvo lide. Sconiers pou tèt pa li se yon moun ki fè tout vi l ap aprann. L ap kontinye etidye pou l kab gen yon doktora, e li gen divès lòt kou l ap pran ankò. Apre sa li pataje konesans li avèk kòlèg li e elèv li. Li di, anfèt, sa se misyon yon edikatè. Pi gwo moman pou li se lè li wè limyè konpreyansyon ap flache nan zye elèv li e lè li wè fyète nan vizaj yo pou sa yo reyalize. Li di, “Mwen espere yo konprann, yo toujou genyen yon responsablite pou tèt pa yo ki se travay pou pran edikasyon yo pou pwòp enterè yo. Edikasyon pa pouvwa, li kab vin pouvwa si sèlman moun ki ap sèvi avèk li a kiltive li.”

###

08-JJS-258/HD/CM

Retournen sou Nòt pou laprès