|
MENAS POU KOUPE FON LEKÒL YO LAKOZ Sipèentandan Lekòl yo Rudy Crew te endike jodi a distri lekòl Miami-Dade ap konsidere rediksyon nan depans salè kòm yon mwayen pou fè fas ak yon posiblite kote yo ka koupe 15 milyon dola anplis nan fon ki soti nan eta a. Yo antisipe nouvo diminisyon sa a kòm yon pati nan plis pase yon milya dola rediksyon Lejislati Florid ap gen pou afwonte nan jou k ap vini yo. Distri lekòl la te kòmanse ane fiskal sa a avèk yon bidjè ki balanse, men byen vit, li afwonte yon diminisyon fon 32 milyon dola Lejislati a te enpoze nan yon sesyon espesyal nan otòn ki sot pase a. Distri a te rive jere sitiyasyon sa a atravè yon seri mezi rediksyon depans e nan ogmante kantite dola ki antre nan distri a atravè fon li te konn resevwa nan bonjan pwogram. Toude estrateji sa yo te ede Distri a jere sitiyasyon finansyè ki pi kritik la san li pat oblije ranvwaye anplwaye. Pandan ane fiskal la, Distri a te fè fas ak ogmantasyon nan anpil domèn, tankou sèvis manje, asirans pwopriyete, benefis sante ak gaz. Finansman pou benefis swen sante pou sis premye mwa nan ane 2008 la te atenn $ 17 milyon, nou te jwenn nan fon ki te koupe nan lòt domèn yo. Rediksyon adisyonèl Tallahassee yo fè kounye a ranvwaye anplwaye vin yon posiblite. Administrasyon an ap gade pou l wè ki kote posiblite sa yo egziste. Sipèentandan an endike avèk fèmte li pap manyen pwogram edikasyonèl espesifik tankou ar. ### 08-JJS/259/SJ/CM |