|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 28 fevriye 2008 |
KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SESYON KONVÈSASYON ANT JWÈ “MIAMI HEAT” UDONIS HASLEM AK ELÈV NAN “YOUNG MEN’S ACADEMY FOR ACADEMIC AND CIVIC DEVELOPMENT” (AKADEMI JÈN GASON POU DEVLOPMAN AKADEMIK E SIVIK) NAN MACARTHUR SOUTH
|
Jwè “Miami Heat” Udonis Haslem ak elèv “Young Men’s Academy for Academic and Civic Development” (Akademi Jèn Gason pou Devlopman Akademik e Sivik) nan Lekòl Segondè MacArthur South
|
|
Yon konvèsasyon tètatèt ant wòl modèl, gradye Lekòl Leta Miami-Dade County, ak selebrite baskètbòl Udonis Haslem, ak jèn gason, 6-12yèm ane eskolè, ki gen difikilte ak etid yo e konpòtman yo nan tan pase e kounye a ki pran kontwòl lavi yo. |
KILÈ: |
Madi 4 mas 2008 a 2è nan aprèmidi |
KI KOTE: |
11035 SW 84th Street
Miami |
POUKISA: |
Pou ankouraje, motive, e konplimante elèv yo pou yo rete lekòl e amelyore lavi yo akademikman, sosyalman, e emosyonèlman. Pifò nan elèv nan Lekòl Segondè “Young Men’s Academy for Academic and Civic Development” nan MacArthur South rete nan “foster care” (pansyon leta) oubyen nan kay yon sèl paran kote se gouvènman an ki ap ede sipòte yo finansyèman. Gason wòl modèl eksepsyonèl tankou Udonis Haslem jwe yon pati enpòtan nan ede jèn gason sa yo rete lekòl, kwè nan tèt yo e amelyore chans yo pou yo gen yon vi ranpli ak siksè. Misyon lekòl la se pou adrese bezwen enpòtan popilasyon elèv sa yo ki difisil. |
###
08-JJS/268/HD/SD
Retournen sou Nòt pou laprès |