POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 6 mas 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

             
LEKÒL SEGONDÈ JOHN A. FERGUSON AP RESEVWA REYINYON
ANYÈL SIPÈENTANDAN AN POU SANT REJYONAL V

MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Rudy Crew pral fè senkyèm nan sis reyinyon kominotè yo nan Lekòl Segondè John A. Ferguson, 15900 S.W. 56 Street, lendi 10 mas, kòmanse egzakteman a 6:30 nan aswè. Nan reyinyon sa a nou pral abòde kesyon ki enpòtan pou elèv ak paran e pataje estrateji ki afekte pèfòmans akademik elèv yo avèk lavi elèv ki nan lekòl Rejyon V yo apre yo fin diplome. Tèm ane sa a se “Sa Mande…Kominikasyon: yon Reyinyon kominotè avèk Sipèentandan Lekòl yo Rudy Crew.” Reyinyon an ouvè pou piblik la.

Anplwaye Distri a ap la tou pou reponn kesyon e bay enfòmasyon ki esansyèl konsènan lòt pwogram Distri a genyen ak inisyativ ki gen nan sant resous kominotè a. Paran ki pa fin konnen nan ki rejyon lekòl pitit yo ye ta dwe kontakte lekòl timoun nan dirèkteman.

Nòt editè a: Reyinyon Anyèl Sipèentandan yo fèt avèk patwonaj Pearson Digital Learning, United Way nan Miami-Dade, Brain Child, Nova Southeastern University, Niketown Miami, Boomers, Herff Jones, Ibiley School Uniforms, The Miami Heat, The Flyer, Jungle Island, ak The Miami FC.

###

08-JJ-S/271/QT/CM

Retournen sou Nòt pou laprès