|
LEKÒL ELEMANTÈ SUNSET RANPÒTE PRIM NASYONAL $25 MIL MIAMI – Yo nonmen Lekòl Elemantè Sunset gayan nasyonal prim fondasyon “Goldman Sachs” pou Ekselans nan Edikasyon Entènasyonal dèske li enterese elèv li yo pou aprann sou lòt rejyon nan mond la kilti ak lang yo. Lekòl Elemantè Sunset ranpòte prim nan kategori lekòl elemantè/mwayen an e li resevwa $25,000 nan seremoni repa midi yo te fè lendi pase nan New York City. Sa gen senkan desa, “Asia Society” ak Fondasyon “The Goldman Sachs” te met tèt yo ansanm pou yo kreye yon pwogram pou rekonèt e selebre siksè eksepsyonèl nan domèn ki enkouraje konesans kiltirèl, istwa mondyal ak kourikoulòm global kòm nesesite nan devlopman pwochen jenerasyon jèn Ameriken yo. Sunset ofri yon pwogram magnèt Etid Entènasyonal san parèy depi plis pase 20 ane pou popilasyon divès kalite elèv li yo. Pwogram nan gen yon kourikoulòm global baze sou demann ki vize sijè sou responsablite sivik, konsyantizasyon kiltirèl ak anviwònmantal, ak konesans sou ekonomi global la. Kou yo gen ladan pwogram pou lang etranje ann Espayòl, Fransè ak Alman e enstriksyon nan matematik, syans e syans soysal nan lang sa yo. Yo fè pwogam Etid Entènasyonal la nan asosyasyon avèk kourikoulòm Ministè Edikasyon Espay, Frans, ak Almay. Yo evalye elèv yo atravè toude, tès eta a e tès entènasyonal yo, sou siksè akademik ak konpetans nan lang. An 2007, Sunset te kòmanse ofri kou nan Mandarin Chinwa. Dtè. Aline Sarria, Direktè Lekòl Elemantè Sunset di “Se yon onè pou nou resevwa prim nasyonal prestijye sa a.” “Edikasyon Global se yon pwogresyon natirèl pou Pwogram Etid Entènasyonal nou an ki deja egziste. Non sèlman elèv nou yo edike nan de lang ak de kilti, men tou kounye a yo prepare pou yo fè konkirans e pou yo kontribye nan yon sosyete global.” Anplis gwoup lekòl elemantè/mwayen an, prim “Goldman Sachs awards” la bay senk elèv lekòl segondè prim nan tout peyi a ak lòt kategori tankou: pwogram lekòl segondè, medya/teknoloji ak yon komisyon edikasyon nan eta a. “Asia Society” ki te fonde an 1956, se òganizasyon global prensipal ki ap travay pou fòtifye relasyon e enkouraje konpreyansyon pami pèp, lidè, ak enstitisyon ant Azi e Etazini. Fim Fondasyon Envestisman “Goldman Sachs” te fonde Fondasyon “Goldman Sachs” an 1999 pou ankouraje ekselans ak inovasyon nan edikasyon nan tout kote nan mond lan. Pou plis enfòmasyon, kontakte Tere Pujol Burns, “Lead Teacher” (Pwofesè Anchèf) nan pwogram magnèt Etid Entènasyonal Lekòl Sunset la, nan 305-661-8527. ### 08/JJS/275/HD/SD |