|
YO NONMEN ZÒN POU AMELYORASYON LEKÒL M-DCPS YOUN 50 meyè pwogram Prim Inovasyon nan Gouvènman Ameriken ap lite pou resevwa prim $100,000 Zòn pou Amelyorasyon Lekòl la, ki kòmanse an 2005, se yon gwoup 39 lekòl M-DCPS ki gen lontan y ap bay move pèfòmans. Lekòl Zòn yo bay elèv yo jou lekòl ki pi long e yon ane enstriksyon ki itilize rechèch, materyèl edikasyonèl e ki konsantre sou lekti ak ekriti kòm eleman debaz. Rezilta pwogram nan remakab, avèk prezans, patisipasyon ak nòt elèv yo fè pou egzamen yo k ap ogmante seryezman. Pèfòmans elèv ki nan lekòl Zòn yo vin fè anplis, depase sa lòt elèv fè atravè tout peyi a nan lekti ak matematik. Yo chak nan 50 meyè pwogram yo te sibi plizyè seri evalyasyon ki trè sere devan yon komite praktisyen ak espesyalis nan kesyon kontra, ki soti nan Lekòl Harvard Kennedy menm jan avèk enstitisyon ki renouvle atravè tout peyi a. Pwogram yo adrese yon kantite domèn kontra ki enpòtan tankou sante ak sèvis sosyal, jesyon ak gouvènans, devlopman kòminotè ak ekonomik; edikasyon ak fòmasyon; jistis kriminèl; transpòtasyon ak sistèm konstriksyon wout; e anviwònman an. Y ap anonse finalis pou prim $100,000 nan dat 3 jen. Y ap anonse e onore gayan Prim Inovasyon nan Gouvènman Ameriken yo nan yon fèt gala ak resepsyon ki ap fèt nan mwa septanm. Pwogram prim sa a Fondasyon Ford te mete sou pye an 1985, te fèt pou amelyore pratik gouvènman nan onore inisyativ gouvènman ki efikas e ankouraje transmisyon pratik sa yo atravè peyi a. Gen anpil pwogram pou genyen-prim y ap repwodui kounye a atravè domèn kontra ak jiridiksyon, ki sèvi kòm antesedan pou estrateji refòm ak nouvo lwa k ap fèt jodi a. Pwogram sa yo enfòme tou etid rechèch ak akademik nan Lekòl Harvard Kennedy ak lòt enstitisyon akademik atravè mond la. N ap jwenn plis enfòmasyon konsènan Enstiti Ash nan www.ashinstitute.harvard.edu. ### 08-JJS/287/HD/CM |