POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 23 avril 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

***NÒT POU LAPRÈS***

FESTIVAL PATISIPASYON FANMI NAN JUNGLE ISLAND, 27 AVRIL

KIYÈS: 
1,300 “Very Involved Parents (VIPs),” (Paran Toujou Pote Patisipasyon), pitit yo, anplwaye nan plizyè lekòl ak administratè
KISA:
Festival Patisipasyon Fanmi
KILÈ: 
Dimanch 27 avril 1-5 nan aprèmidi
Seremoni prim nan ap fèt a 2è nan aprèmidi nan “Parrot Bowl”
KI KOTE: 
Jungle Island
1111 Parrot Jungle Trail, (Watson Island), Miami
POUKISA:

Pou selebre patisipasyon fanmi nan edikasyon pitit yo. VIP yo fèt pou satisfè senk kritè pou yo patisipe nan inisyativ sa a:
1. gen yon pitit nan Lekòl Leta Miami-Dade County,
2. patisipe nan enstriksyon pitit yo lakay,
3. asire pitit yo pa gen plis pase senk absans nan yon semès,
4. kominike ak pwofesè pitit yo,
5. ale nan omwen de (2) aktivite lekòl pandan ane lekòl la.

Festival la ap onore 141 Fanmi de Lane lekòl pitit yo chwazi pou sèvis eksepsyonèl yo ofri.

Se “Ibiley School Uniforms,” Fondasyon “Wachovia”, e Komite “Dade County PTA/PTSA” ki ap patwone evènman an.

KONTAKTE:
Pou plis enfòmasyon, kontakte Anne Thompson, Direktè, “Office of Parental Involvement” (Biwo Patisipasyon Paran),” nan 305-995-1233.

###

08-JJS/292/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès