POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 2 me 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

***NÒT POU LAPRÈS***

ELÈV AP PATISIPE NAN 14YÈM KONKOU 'ELEMENTARY MATH BOWL'

KIYÈS: 
Elèv nan 2yèm a 5yèm ane eskolè nan lekòl elemantè
KISA:
Konkou “Elementary Math Bowl.”  Ekip pral jwe nan de konkou matematik an ekip ak endividyèl.  Pami aktivite yo ap gen rezoud pwoblèm endividyèl, rezoud pwoblèm an ekip, egzèsis sèvo, ak relèv ekip.
KILÈ: 
Samdi, 3 me, 8è dimaten a 2:30 nan aprèmidi
KI KOTE: 
Ronald W. Reagan/Doral Senior High School
8600 NW 107th Ave., Miami 33178
POUKISA:
Konkou “Elementary Math Bowl” la ofri tout elèv elemantè opòtinite pou selebre matematik pandan y ap patisipe nan konkou matematik nan yon anbyans amikal.
KONTAKTE:
Bonnie Jeroslow, Vis Prezidan Lekòl Elemantè, Konsil Pwofesè Matematik Dade County sou Entènèt nan:  bjeroslow@dadeschools.net

###

08-JJS/299/HD/RL

Retournen sou Nòt pou laprès