|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 7 me 2008 |
KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063 |
***NÒT POU LAPRÈS***
Sipèentandan Rudy Crew ap Fè Elèv Turner Tech Sipriz
Ak Bousdetid Prim “Broad” pou Kolèj
Komite Prim “Broad” edikasyon nasyonal la pral vizite MDCPS
semèn
sa a pou evalye Distri a
|
KIYÈS: |
Elèv ki soti nan Lekòl Segondè William H. Technical Arts, Sipèentandan Lekòl yo Rudy Crew, komite ekspè edikasyon nasyonal |
|
KISA: |
Sipèentandan Crew pral distribye bousdetid Prim “Broad” bay plizyè elèv Turner Tech san yo pat sispèk anyen. Moun ki ap avèk Doktè Crew se yon komite ekspè edikasyon nasyonal k ap vizite Lekòl Leta Miami-Dade County semèn sa a pou rasanble enfòmasyon k ap ede yo pran desizyon sou si Miami-Dade genyen Prim “Broad” 2008 pou Edikasyon ki fèt lavil.
Apre sa ap gen yon konferans pou laprès ant elèv yo ak Doktè Crew. |
| KILÈ: |
Mèkredi 7 me, a 2:30 nan aprèmidi |
| KI KOTE: |
William H. Turner Technical High School
10151 NW 19th Ave., Miami 33147
305-691-8324
|
| POUKISA: |
Bousdetid yo soti nan $125,000 Distri a te resevwa ane pase kòm yon finalis Prim “Broad”. Sa fè twazyèm ane youn apre lòt yo chwazi MDCPS kòm finalis pou Prim “Broad” la. |
Pami aktivite k ap fèt pandan vizit komite a genyen entèvyou ak ofisyèl distri yo, direktè, pwofesè, anplwaye, paran ak òganizasyon kominotè, ansanm ak obsèvasyon nan salklas pou detèmine poukisa elèv Miami-Dade ap pwofite konsa e idantifye meyè pratik yo.
###
08-JJS/303/HD/RL
Retournen sou Nòt pou laprès
|