POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 8 me 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

Elèv M-DCPS Depase Elèv Tout Eta a nan Egzamen
“FCAT Writing+” (Redaksyon) an

Miami – Depatman Edikasyon Florid rapòte jodi a elèv Lekòl Leta Miami-Dade County fè gwo efò nan egzamen Prentan 2008 la “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) Writing+” (Pati Redaksyon nan Egzamen Evalyasyon Konpreyansif).

Echèl nòt total elèv Lekòl Leta Miami-Dade County nan egzamen Redaksyon an ogmante nan tout ane eskolè yo soti 2007 rive 2008, e yo ap depase elèv nan tout eta a san rete jiska 17 pwen nan 8yèm ane eskolè.

Anplisdesa, lekòl segondè Miami Edison, Miami Jackson e Miami Northwestern, ki fè pati lekòl Zòn pou Amelyorasyon Lekòl la, ogmante pousantaj nòt elèv nan nivo konpetans a 11 pwen anplis sou ane pase.

Elèv katriyèm ane eskolè yo pèfòme pi byen pase elèv nan tout eta a nan tout mezi yo: nòt disètasyon yo, nòt total yo, ak pousantaj nòt nan nivo 3 e pi wo.

Nòt elèv Uityèm ane yo rete menm ak nòt lòt elèv nan tout eta a. E, pandan moun tap obsève ogmantasyon sibstansyèl nan total echèl nòt mwayèn nan pou elèv 10yèm ane, toude nòt sa yo ak nòt mwayèn nan disètasyon yo desann tou piti pami elèv nan tout eta a.

Pousantaj elèv ki fè nòt 3.5 oubyen pi wo nan pati disètasyon an ogmante nan 8yèm ane, e li rete konstan nan 4yèm ak 10yèm ane.

Anjeneral, nòt mwayèn disètasyon konbine ogmante pou elèv katriyèm ane, li rete konstan pou elèv uityèm ane, e li desann tou piti pou elèv 10yèm ane.

Sipèentandan Lekòl yo Rudy Crew di “ Se tout tan nou ap tande kominote biznis la, ansanm ak kolèj e inivèsite yo, sou nesesite pou jwenn moun ki gen bonjan abilite pou ekri. Nou fyè pou wè pwogrè elèv nou yo fè nan ladrès enpòtan sa a.”

# # #

08-JJS/304/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès