POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 12 me 2008 

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

Calvin Hughes Pral Ede Sant Edikasyon Lindsey Hopkins
Selebre Fèt Drapo Ayisyen

18 me Ayisyen-Ameriken atravè tout peyi a pral selebre Fèt Drapo Ayisyen

KIYÈS: Calvin Hughes, ki te ranpòte prim “Emmy Award-Winning Reporter” pou WPLG Channel 10

KISA: Calvin Hughes pwodui e difize resamman yon dokimantè kote li montre
yon pwendvi balanse sou fason Ayisyen ap viv ann Ayiti. Li pral adrese
elèv nan Sant Edikasyon Teknik Lindsey Hopkins pou pataje eksperyans li
lè li t ap pwodui dokimantè sa a ki montre Ayiti non sèlman kòm peyi ki pi pòv nan Emisfè a, men tou kòm yon bèl il twopikal kote fanmi ak edikasyon fè pati valè ki pi enpòtan pou pèp la.

KILÈ: Mèkredi 21 me 9:30 nan maten

KI KOTE: Lindsey Hopkins Technical Education Center, 750 NW 20th Street, nan Kafeterya a

POUKISA: Direktè Lindsey Hopkins nan Rosa D. Borgen di dokimantè Hughes la pral fè santi gen espwa pou lavi ann Ayiti, yon bagay moun pa janm konn wè nan abityèlman nan repòtaj regilye yo konn fè sou Ayiti. Lekòl la gen yon gwo pousantaj Ayisyen; konsa, selebre Fèt Drapo nan lekòl la pral fè elèv yo santi yo lakay yo, e sa pral ba yo yon opòtinite pou aprann tolerans ak apresyasyon pou lòt kilti ak lòt lang.

Pou plis enfòmasyon silvouplè kontakte Msye. Steven Appelbaum, Espesyalis Edikasyon, nan 305-324 6070 eks: 7038.

###

08-JJS/306/CMF/sd

 

KIYÈS: 
Astwonòt John Herrington; Administratè NASA Michael Wetmore; elèv, administratè lekòl, paran, ak lidè kominotè yo
KISA:
Seremoni Koupe Riban
KILÈ: 
Mèkredi 12 desanm 2007, a 9:15 nan maten
KI KOTE: 
Sant Medya Lekòl Elemantè Flamingo
701 East 33 Street
Hialeah, FL 33013
POUKISA:
Pou deklare ofisyèlman Lekòl Elemantè Flamingo kòm sèl lekòl nan Eta Florid la ki se yon lekòl NASA Eksploratè. Objektif Pwogram Lekòl NASA Eksploratè a se pou enkòpore pwogram ak matyè NASA yo nan ansèyman ak enstriksyon matematik, syans, jewografi, ak estanda teknoloji yo. Lekòl Elemantè Flamingo se youn sou 30 lekòl Elemantè NASA Eksploratè yo seleksyone pami tout lekòl nan peyi a.

###

07-JJS/221/QT/SD

Retournen sou Nòt pou laprès