POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 me 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

4,000 Elèv Prale nan “Jounen Lekòl Leta Miami-Dade County”
Jwèt nan FC (Fútbol Club) la

Anvan jwèt la y ap lanse ofisyèlman magazin “READ Fútbol Mundial”
(FÈ LEKTI) Foutbòl Mondyal), yon inisyatif lekti fanmilyal
ki ap prezante Pelé

Miami FC, ekip foutbòl pwofesyonèl Miami, te chwazi fè match li a 16 me kont Vancouver Whitecaps kòm Jounen Lekòl Leta Miami-Dade County.  Ekip la ap ofri transpòtasyon pou ale nan Park Tropical, antre gratis, ti goute ak kado bay plis pase 4,000 elèv nan lekòl elemantè ak mwayen nan tout county a.

Marcos Ommati ki nan Miami FC di, “ kèlkeswa rezilta final sou teren an, mwen kwè se yon viktwa pou tout moun ki patisipe.  Jounen Lekòl Miami-Dade County se plis prèv angajman nou ki ap kontinye pou jenès la ki se manb pi enpòtan nan kominote nou an.  Nou vle fè anpil efò pou nou bay anretou e fè yon enpak pozitif, nan yon gran fason.”

Sipèentandan Rudy Crew di, nou bay patenarya ak tout opòtinite Miami FC ofri elèv nou yo anpil valè.  Angajman kominotè se pati santral yon bon sistèm lekòl leta.”

Evènman an pral make lansman ofisyèl “READ Fútbol Mundial,” yon nouvo magazin foutbòl nasyonal pou timoun ki ankouraje fanmi pou li ansanm.  Pwogram pilòt sa a gen ladan plan leson ki itilize magazin kòm mwayen pou amelyore ladrès lekti e pwomote enstriksyon bileng nan lekòl e apre lekòl.

Pelé, ki se yon foutbolè lejandè angaje tèt li nan inisyativ enstriksyon sa a di, “Edikasyon se bagay ki pi enpòtan ou ka bay pitit ou.”   Magazin “READ Fútbol Mundial”  ki gen ladan atik pou timoun e li prezante enfòmasyon sou foutbolè kounye a ki anmenmtan enteresan e edikasyonèl.

Crew di, “Lè yon timoun li, mirak fèt.  Sèvo a ranfòse, imajinasyon li ogmante e kapasite pou li aprann devlope.  Lè fanmi li ansanm, mirak rive tou.  Li ranfòse lyen familyal e timoun yo dekouvri kote plezan e amizan ki gen nan fè lekti.  Nou fyè pou n fè patenarya ak READ Fútbol Mundial.”

###

08-JJS/310/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès