|
DOUZ LEKÒL LETA MIAMI-DADE NAN LIS NEWSWEEK MIAMI – Douz lekòl leta Miami-Dade County reyisi pou antre nan Lis magazin Newsweek kòm Meyè Lekòl Segondè Ozetazini. Lekòl leta Miami-Dade ki sou lis sa a se Coral Reef, Design & Architecture, MAST Academy, Miami Palmetto, School for Advanced Studies, Coral Gables, Mater Academy Charter, Miami Killian, New World School of the Arts, South Miami, American ak Southwest Miami. Yo klase lekòl segondè leta yo daprè divizyon pousantaj Jay Mathews, Magazin Newsweek te fè: kantite Plasman avanse, Bakalorya Entènasyonal e/oubyen tès Cambridge tout elèv pran nan yon lekòl pandan ane 2007 la divize pa kantite elèv segondè ki gradye. Tout lekòl ki sou lis la gen yon endèks omwen 1.000; yo pami meyè senk pousan lekòl leta yo mezire nan fason sa a. ### 08-JJS/313/DF/SD |