|
Seremoni Gradyasyon Disponib Sou Entènèt MIAMI – Plizyè seremoni gradyasyon Lekòl Leta Miami-Dade County ap disponib pou moun kab wè yo atravè lemond sou Entènèt. Anplwaye Lekòl Segondè John A. Ferguson pral fè videyotep andirèk seremoni ki pwograme nan Inivèsite Miami BankUnited Center. Sèvis la enpòtan espesyalman pou manm fanmi ak zanmi elèv ki ap gradye yo ki ka paka ale nan seremoni yo akoz kote yo rete, maladi oubyen pwoblèm fizik. Sa fè dezyèm ane yo mete sèvis la disponib. Gen yon pwogram pou seremoni gradyasyon konplè ak yon lyen pou gade seremoni an nan BankUnited Center ki disponib nan www.dadeschools.net. # # # 08-JJS/319/DF/sd |