|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 3 jen 2008
|
KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063 |
SEREMONI POU CHANJE NON LEKÒL ELEMANTÈ OPA-LOCKA
OFISYÈLMAN SOU NON DEFEN DTÈ. ROBERT B. INGRAM
| KISA: |
Seremoni ofisyèl pou chanje non ansyen Lekòl Elemantè Opa-locka kòm Lekòl Elemantè Dr. Robert B. Ingram |
| KILÈ: |
Samdi 7 jen
9è dimaten |
| KI KOTE: |
Dr. Robert B. Ingram Elementary School
600 Ahmad Street, Opa-locka, 33054 |
| POUKISA: |
An novanm pase, tout manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la te vote pou chanje non Lekòl Elemantè Opa-locka sou non manm Komisyon Konsèy Robert Ingram tout moun te renmen, ki te mouri 5 septanm 2007. Dtè. Ingram, ki bay kominote a sèvis tout vi li e ki te yon chanpyon pou timoun, te gen yon long koneksyon solid ak Vil Opa-locka. Dtè. Ingram te sèvi kòm chèf depatman Lapolis nan Opa-locka pandan ane 1980 yo e kòm majistra vil la pou 12 zan. |
###
08-JJS/320/HD/SD
Retournen sou Nòt pou laprès
|