|
Elèv M-DCPS Fè Pwogrè Remakab nan FCAT pou Ane 2007-08 la Pwen elèv nan Zòn yo ogmante konsiderableman chak ane nan twa dènye ane yo. Miami – Elèv tout ane eskolè nan Lekòl Leta Miami-Dade County fè pwogrè remakab ane sa a nan “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Konpreyansif nan Florid), jan Depatman Edikasyon Florid la rapòte li jodi a. Pousantaj elèv ki satisfè mezi Eta a nan “Sunshine State Standards” (Estanda Eta Florid) ogmante prèske nan tout nivo ane eskolè nan chak matyè. Sipèentandan Rudy Crew di “Rezilta eksepsyonèl sa yo reflete katran devouman ak travay di pwofesè, elèv, administratè ak paran nou yo. Nou pataje pwogrè sa a ak minisipalite, kolèj ak inivèsite, òganizasyon kominotè, ak òganizasyon relijye yo ki te pran yon wòl aktif pou ede elèv nou yo gen siksè. Nan kategori lekti, pèfòmans M-DCPS reflete pa elèv atravè tout eta a, ak ogmantasyon nan Nan kategori syans, yo te remake yon ogmantasyon konsiderab chak ane nan kantite elèv ki fè nòt nan Nivo 3-5 nan tout nivo ane eskolè yo te teste yo. Elèv Miami-Dade depase tout elèv nan eta a nan toutletwa nivo ki te pran tès yo, 5èm 8yèm ak 11yèm ane eskolè. # # # 08-JJS/322/HD/SD |