POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 jen 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

M-DCPS Fini Yon Ane Enpresyonan ak Onè Remakab

Miami – Elèv, pwofesè, lekòl ak pwogram nan Lekòl Leta Miami-Dade County fini ane lekòl 2007-2008 la ak yon koleksyon onè ak siksè ki enpresyonan.  Pami akonplisman pou ane a:

  • Elèv yo fè pwogrè remakab nan FCAT 2007-08 la ak pousantaj elèv ki satisfè mezi Eta a ogmante nan prèske tout nivo ane eskolè nan chak matyè. Nòt Syans yo amelyore konsiderableman.  E pandan twazan youn apre lòt, tout ane eskolè yo fè nòt ki depase nivo mwayèn nasyonal la nan lekti ak matematik nan tès FCAT NRT la.

  • Pousantaj gradyasyon an amelyore prèske senk pousan pou rive 63.9 nan ane lekòl ki sot pase a. Ogmantasyon sa a make premye fwa pousantaj gradyasyon M-DCPS te pi wo pase 60 pousan nan katran.

  • 13 Lekòl Leta Miami-Dade te nan lis magazin Newsweek kòm meyè Lekòl Segondè nan tout Peyi a.

  • Magazin “U.S. News & World Report” te chwazi nèf lekòl segondè Miami-Dade kòm Meyè Lekòl Segondè pou ane 2008.  Lekòl Segondè Design & Architecture ak New World School of the Arts jwenn plas yo nan lis magazin nan pou 100 Meday Lò Lekòl Segondè.  Yo te onore rès sèt lòt lekòl segondè ak meday ajan ak bwonz.

  • 191 pwofesè M-DCPS ranpòte “National Board Certification” (Sètifikasyon Nasyonal Komisyon Konsèy) la ane lekòl sa a, ki elve kantite pwofesè sètifye M-DCPS  anplwaye a 1,122.

  • Yo te nonmen Lekòl Leta Miami-Dade County kòm finalis “Broad Prize” pou twazan youn apre lòt. Prim sa a onore distri lekòl ki montre plis amelyorasyon nan peyi a.  Yo te rekonèt M-DCPS akoz li amelyore siksè elèv yo pandan li redui eka pami gwoup etnik e pami elèv ki soti nan fanmi ki rich ak sa ki soti nan fanmi pòv yo.

  • Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade ranpòte prim prestijye “Council of Urban Boards of Education (CUBE)” Asosyasyon Komisyon Konsèy Nasyonal pou ekselans nan kat domèn debaz: fason komisyon konsèy lekòl la dirije, fèmen eka nan siksè yo, ekselans akademik, ak angajman kominotè.

  • Yo te seleksyone Zòn pou Amelyorasyon Lekòl M-DCPS la nan yon gwoup ki gen prèske 1,000 aplikan e yo nonmen li kòm youn nan 50 meyè Inovasyon Lekòl Harvard Kennedy Gouvènman an.

  • Lekòl Leta Miami-Dade County kreye nouvo konpak edikasyonèl ak twa vil ki ogmante kantite konpak minisipal yo a uit.

  • Fon konpetitif yo totalize $134 milyon, ogmantasyon 400 pousan pou kat dènyè ane yo, ki ogmante total fon ane sa a plis pase $430 milyon.

  • Elèv ki fini Inisyatif “ELEVATE MIAMI Rites of Passage,” yon patenarya ant Distri a ak Vil Miami, te resevwa konpitè gratis pou yo ale lakay yo.

  • M-DCPS te ranpòte rekonesans nasyonal kòm youn nan gayan ane 2008 pou Dirijan “Connect-ED” atravè Prim Kominikasyon.

  • “National Association of Secondary School Principals” (Asosyasyon Nasyonal Direktè Lekòl Segondè) te nonmen Asistan Direktè Hilca Thomas, ki soti nan Lekòl Mwayen Howard A. Doolin, Asistan Direktè Nasyonal pou Ane 2008 la.  Thomas te pami yon gwoup direktè ak asistan direktè M-DCPS ki te ranpòte senk sou sis Prim Lidè Eksepsyonèl Depatman Edikasyon nan Florid la te bay.

  • Lekòl Mwayen George Washington Carver ak Lekòl Segondè Design & Architecture te pami 287 lekòl yo te chwazi nan tout peyi a “No Child Left Behind-Blue Ribbon Schools” (Lekòl Riban Ble Okenn Timoun pap Ret Dèyè) pou 2007.

  • AARP te bay lekòl “The Young Men’s Academy for Academic & Civic Development” nan Miami Douglas MacArthur South te resevwa prim 2008 “Ethel Percy Andrus Legacy for Innovation” pou travay volontè yo fè ak Sant “Gelber Center for adults” (Sant Gelber pou Adilt).

  • Lekòl Elemantè Sunset te gayan nasyonal $25,000 pou prim Fondasyon “Goldman Sachs” pou Ekselans nan Edikasyon Entènasyonal pou angajman li fè elèv yo pran pou yo aprann kèk aspè sou relijyon, kilti ak lang mondyal.

  • Yo te onore lekòl Elemantè South Hialeah ak lekòl Mwayen Miami Springs ak “Healthy Schools Program’s Recognition Award” (Prim Pwogram Rekonesans Lekòl Ansante).   Yo te chwazi de (2) lekòl yo sou 230 lekòl nan tout peyi a ki pèfòme nan yon nivo wo nan mete an fonksyon pwogram Lekòl Ansante.

Atlèt M-DCPS yo te rive patisipe nan gran ekip yo ane lekòl sa a, ak twa ekip lekòl ki te parèt sou estaj santral nan estad nasyonal la.  Sezon foutbòl pou lekòl segondè Miami Northwestern ak Booker T. Washington te fini ak gran mèvèy pou mete nan liv istwa lè chak nan yo te ranpòte tit chanpyon nasyonal.  Lekòl Segondè Felix Varela te jwe yon lòt kalite “foutbòl,” ki te pèmèt yo ranpòte premye chanpyona foutbòl nasyonal la.

Atravè tout ane a, M-DCPS ranmase plis pase yon douzèn ekip chanpyona nan eta a nan tout kalite espò ki gen ladan lit “track & field,” sòfbòl, tenis pou tifi ak volebòl pou gason.

Lekòl Elemantè Edison Park te fè gwo nouvèl pa li lè ekip echèk “Raider Rooks” te bat 30 lòt lekòl pou te vin pran youn nan premye plas nan Chanpyona Nasyonal Echèk Lekòl Elemantè Lerner (K-6) nan Pittsburgh.

# # #

08-JJS/323/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès