|
EDIKATÈ NAN M-DCPS RESEVWA ONÈ ESPESYAL NAN KONFERANS ETA A MIAMI – De (2) nan Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa onè espesyal nan konferans “Just Read, Florida! 2008 K-12 Leadership Conference” (Annik Li, Florid! Konferans Lidè 2008 pou K-12) ki te fèt dènyèman nan Orlando. Just Read se yon inisyativ ki nan tout eta Florid la ki mete aksan sou lekti nan lekòl leta yo ak tout gwoup volontè e òganizasyon kominotè ki ofri lekòl yo sipò. Se Adriana Cantwell, ki soti nan Lekòl Mwayen John F. Kennedy ki te Meyè Pwofesè Lekti Lekòl Mwayen pou Ane a. Yo te nonmen Lekòl Elemantè Riverside, ki anba direksyon Direktris Sharon Lopez, Meyè Ekip Lidè Lekti pou Ane a. Pami lòt finalis rejyonal M-DCPS yo, te genyen: Meyè Lidè Alfabetizasyon Distri pou Ane a, Pauline Ward, Direktè Egzekitif Mete Lekti an Premye; Meyè Lidè Alfabetizasyon Lekòl pou Ane a, Sant K-8 Feinberg-Fisher ak Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons; Meyè Ekip Lidè Lekti Lekòl Mwayen pou Ane a, Lekòl Mwayen Carol City; Meyè Ekip Lidè Lekti Lekòl Segondè pou Ane a, Lekòl Segondè Miami Southridge; e Meyè Pwofesè Lekti Lekòl Segondè pou Ane a, Anthony Tamayo, Lekòl Segondè Miami Sunset. Chak nan gayan yo ak finalis yo te resevwa yon plak ak lajan kòm rekonpans. # # # 08-JJS/325/DF/SD |