|
NÒT PÈFÒMANS LEKÒL M-DCPS OGMANTE Plis ‘A’ Mwens ‘F’ MIAMI—Lekòl Leta Miami-Dade resevwa nòt pèfòmans li ki soti nan Depatman Edikasyon Florid jodi a —e yo trè bon! Pami tout lekòl yo, 89 pousan resevwa “A”, “B”, oubyen “C”, yon ogmantasyon uit pousan sou ane pase. Nòt ki plis parèt nan lekòl county a se “A”, avèk 29 lekòl anplis ki resevwa “A” pase ane pase. Sipèentandan Rudy Crew di, “Rezilta solid sa yo reprezante yon tandans trè pozitif, e nou wè elèv nou yo ap fè plis siksè ane apre ane. Pwofesè, administratè, ak volontè te mèt fyè sètènman de rezilta sa yo. Tandans pozitif sa yo tou reflete yon kominote ki patisipe plis nan edikasyon—kòmanse sou Akademi Paran An pase nan patnè nou yo nan inivèsite ak kolèj lokal pou rive sou patnè nou yo nan òganizasyon relijyez yo. Tout moun pataje siksè sa a.” Anplisdesa, “D” ak “F” yo diminye parapò ak ane pase, e yo elimine nòt “F” yo plis pase mwatye. Doktè Crew obsève amelyorasyon ki fèt nan zòn sa a, men li fè konnen gen plis travay ki pou fèt toujou. Crew di, “Malerezman, enpak pèsistan e katastwofik fòs povrete toujou ap manifeste nan kominote kote lekòl, malgre anpil efò, poko ka depase nòt ‘F’ yo a. Li nesesè pou mete plis resous e double efò yo nan kote sa yo.” Pami anpil lekòl endividyèl ki fè gwo siksè yo nou jwenn: Lekòl Elemantè Naranja, West Homestead, Lekòl Mwayen Brownsville, Carol City ak Lekòl Segondè Hialeah tout soti nan “F” pou monte nan “C”, e Lekòl Elemantè Miami Gardens ki soti nan “F” pou monte nan “B.” ### 08-JJS/326/sd |