|
Elèv Baker Aviation Ap Konstwi Yon Avyon Depi nan MIAMI - Elèv ki pral nan Lekòl Miami-Dade George T. Baker Aviation pandan ete sa a pral patisipe nan yon pwojè enteresan kote yo pral konstwi yon avyon depi nan kòmansman jis li rive vole. Apresa Barrington Irving, ki se youn nan pi jèn moun e premye pilòt nwa ki fè tou mond lan nan yon avyon poukont li, pral pilote avyon sa a. Pwojè sa a ki rele “Build and Soar,” se yon misyon dinamik Irving devlope pou konekte edikasyon ak endistri. Elèv pral patisipe tou nan lòt pwojè baze sou opòtinite edikasyonèl kote yo pral konstwi “rockets” (fize), konstwi tinèl ayewodinamik pou teste vòl, e patisipe nan plizyè repwodiksyon reyèl ak reprezantasyon sou òdinatè. Irving, yon gradye nan Lekòl Segondè Miami Northwestern, te kreye “Experience Aviation” (Eksperyans Aviyasyon) ki se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki gen bi pou ankadre jèn ki fè pati minorite pou yo pousuiv karyè nan aviyasyon. Òganizasyon an ofri pwogram ki fèt pou ranfòse abilite elèv yo nan matematik, syans, ak lekti. Anplisdesa, enstriktè nan Baker Aviation itilize lòt metòd ansèyman altènatif nan klas pou ankouraje konpreyansyon, entegrasyon, e asimilasyon konsèp, fè ak ladrès. Se Lekòl Leta Miami-County ki finanse “Build and Soar” ak Bous South Florida Workforce: “Committed Learners Always Striving for Success (CLASS”) (Apranti ki ### 08-JJS/328/HD/SD |