POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 8 out 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063


SÈT LEKÒL MIAMI-DADE RESEVWA REKONESANS

NASYONAL KÒM LEKÒL KI PI ANSANTE

MIAMI – Sèt lekòl leta Miami-Dade resevwa rekonesans nasyonal semèn sa a nan men “Alliance For A Healthier Generation” (Alyans pou yon Jenerasyon Ansante)  nan Bibliyotèk Prezidansyèl William J. Clinton nan Little Rock, Ark. Gayan yo te pami 43 lekòl nan tout peyi a Prezidan Clinton te rekonèt dèske yo kreye yon anviwònman lekòl ansante pou konbat obezite.

Lekòl Miami-Dade yo se: Lekòl Elemantè North Beach, Silver Bluff, G. W. Carver ak Flagami; lekòl mwayen Miami Edison ak Miami Springs; e Lekòl Segondè Felix Varela. Lekòl sa yo te mete an fonksyon bonjan pratik nan domèn tankou manje lekòl, edikasyon sou sante, edikasyon fizik ak byennèt anplwaye yo.

Alyans pou yon Jenerasyon ki pi Ansante se yon patenarya ant “American Heart Association” (Asosyasyon Ameriken pou Maladi Kè) ak Fondasyon William J. Clinton.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Jayne Greenberg, Direktè Distri, Edikasyon Fizik ak Konesans sou Sante, nan 305-995-1963.

###

08-JJS/330/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès