POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 27 out 2008 

KONTAKTE: Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Target Bay M-DCPS Donasyon pou Jounen Patisipasyon Fanmi, 3 Septanm

MIAMI — Lekòl Leta Miami-Dade County anonse jodi a yon patenarya ak magazen Target ki rekonèt efò li ap fè pou l konstwi bonjan relasyon ak fanmi yo pou pwomote siksè elèv.  Donasyon Target la pral sipòte Jounen Patisipasyon Fanmi, 3 septanm 2008, lè lekòl atravè tout distri a pral kolabore ak PTA e manm kominotè yo pou mete fanmi yo alèz nan lekòl yo.  Ojektif la se pou konstwi patenarya ak fanmi e pou yo vin manm PTA.

Yo envite Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Agustin J. Barrera ak Sipèentandan Rudy Crew pou selebre Jounen Patisipasyon Fanmi nan Lekòl Elemantè Riverside ak direktris lekòl la, Sharon M. Lopez; Mindy Gould prezidan Miami-Dade County Council PTA/PTSA, ak Lenia Cardenas prezidan Riverside PTA.  Riverside lokalize nan 1190 S.W. 2nd St., Miami.

Pami lòt lekòl ki ap patisipe nan Jounen Patisipasyon Fanmi, nou jwenn:

  1. Lekòl Elemantè Blue Lakes, 9250 S.W. 52nd Terr., Miami — Direktris Aida Marrero
  2. Lekòl Elemantè Joella C. Good, 6350 N.W. 188th Terr., Hialeah — Direktris Lizette O Halloran
  3. Sant K-8 David Lawrence, 1500 Bay Vista Blvd., North Miami — Direktè Bernard Osborn
  4. Sant K-8 Frank C. Martin, 14250 Boggs Dr., Miami — Direktris Pamela F. Brown
  5. Lekòl Elemantè Morningside, 6620 N.E. 5th Ave., Direktris Kathleen John-Louissaint
  6. Lekòl Elemantè North Glade, 5000 N.W. 177th St., Opa-locka — Direktè Thomas W. Frederick
  7. Lekòl Elemantè Dr. Gilbert L. Porter, 15851 S.W. 112th St., Miami — Direktè Raul Gutierrez
  8. Sant K-8 Eugenia B. Thomas, 5950 N.W. 114th Ave., Miami — Direktè Mayra B. Falcon
  9. Sant K-8 Vineland, 8455 S.W. 119th St., Miami — Direktris Maryann MacLaren
  10. Lekòl Elemantè Dr. Edward L. Whigham, 21545 S.W. 87th Ave., Miami — Direktris Maria Garcia
  11. Lekòl Mwayen Palmetto, 7351 S.W. 128th St., Miami — Direktris Lisa Noffo
  12. Lekòl Segondè Coral Park Senior, 8865 S.W. 16th St., Miami — Direktè Nicholas Jacangelo

Donasyon sa a montre efò Target toujou ap fè pou ranfòse fanmi ak kominote yo nan tout peyi a.  Depi li te ouvè pòt li an 1962, Target bay òganizasyon ki sipòte edikasyon, ar, sèvis sosyal ak volontarya 5 pousan nan lajan li fè.

# # #

08-JJS/335/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès