POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 10 septanm 2008

KONTAKTE: Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE LA SELEKSYONE
ALBERTO M. CARVALHO KÒM SIPÈENTANDAN LEKÒL YO

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County seleksyone jodi a Asosye Sipèentandan Alberto Carvalho pou dirije Lekòl Leta Miami-Dade County kòm Sipèentandan.

Mesye Carvalho kòmanse karyè li ak Lekòl Leta Miami-Dade County kòm pwofesè syans.  Li te pwomote tousuit kòm asistan direktè, kote li vin lanse yon karyè long e distenge nan admnistrasyon.  Li te sèvi kòm Ofisye Enfòmasyon Piblik e kòm Asosye Sipèentandan Afè Entègouvènmantal, Bous, Maketing ak Sèvis Kominotè.

Mesye Carvalho te devlope bonjan relasyon ak gouvènman lokal yo, òganizasyon kominotè, e gwoup paran yo.  Se li menm ki responsab devlopman dis kontra ak minisipalite Miami-Dade County ki te ede ranfòse sèvis distri lekòl la ofri elèv yo ak kominote a.

Kòm dirijan relasyon Entègouvènmantal Distri a, Mesye Carvalho pase yon pakèt tan nan Tallahassee ak Washington, ap ede fòme lejislasyon ki benefisye elèv ak fanmi yo.

Lekòl Pinellas County tou te seleksyone Mesye Carvalho jodi a pou dirije yo. Li ap pran yon desizyon sou ki pozisyon li ap aksepte nan jou ki ap vini yo, apre li fin pale ak toude distri lekòl yo.

###

08-JJS/340/

Retournen sou Nòt pou laprès