|
EDIKATÈ M-DCPS ELI PREMYE FI ISPANIK KÒM PREZIDAN POU ÒGANIZASYON EDIKASYON ADILT ETA A MIAMI – Resamman yo eli Doktè Nilda Diaz, direktè Sant Edikasyon Adilt e Kominotè Hialeah Miami Lakes, kòm prezidan ACE nan Florid, yon asosyasyon ki pa la pou fè pwofi ki reprezante enterè sousi ak talan adilt ak edikasyon pwofesyonèl kominotè e volontè. Diaz, ki se yon veteran nan edikasyon pou plis pase 30 an, se premye fi Ispanik ki antre nan pozisyon sa a. Diaz di, “Priyorite nou pral genyen se pou amelyore akizisyon enstriksyon ak pousantaj gradyasyon nan lekòl segondè.” Plan li genyen pou ane prezidans li a gen ladan tou kreyasyon yon pwogram solid pou elèv lekòl segondè ki ap fè tranzisyon nan kou lekòl adilt yo e k ap vin kontre fòs yo ak edikasyon devlopman mache travay la. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te fè elòj pou seleksyon Diaz: li di, “Onè ak akonplisman sa a se yon refleksyon sou edikasyon dewot kalite M-DCPS bay tout kominote a, pa sèlman elèv Jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, men tou pou devlopman mache travay la ak elèv ki nan pwogram adilt yo.” ACE pran angajman pou l amelyore e agrandi pwogram ak sèvis edikasyon adilt e kominotè yo pou mete anvalè kalite edikasyon ak lavi tout Floridyen yo. # # # 08-JJS/350/HD/SD |