|
Patnè Sekirite Kominotè Miami yo Genyen Prim Nasyonal “Miami Partnership for Action in Communities Task Force (MPACT)” (Ekip Travay Patenarya Miami pou Aksyon nan Kominote yo) te resevwa prim $15,000 nan men Fondasyon “MetLife” pou gwo travay li te fè nan redui krim ak amelyore kalite lavi nan Miami-Dade County. Yo te rekonèt MPACT kòm yon modèl nasyonal ki gen meyè metòd nan kategori estrateji espesyal pou Prevansyon Gang ak Sekirite Jèn yo. Yo te chwazi li pami plis pase 500 aplikan atravè tout peyi a pou Prim Patenarya Kominote-Lapolis Fondasyon “MetLife” la. MPACT se yon kolaborasyon kominotè Depatman Lapolis Lekòl Leta Miami-Dade County ansanm ak Lekòl Leta Miami-Dade County, lapolis lokal, sistèm jistis pou jèn, òganizasyon kòminotè ak ajans sèvis, epi biznis lokal ak kominote a te kreye. MPACT travay yon fason pou li bay jèn (“ki an danje”) (laj 12-22 an) opòtinite yo bezwen pou yo jwenn travay e pou yo gen yon vizyon pozitif pou lavni. Yo ba yo opòtinite pou devlope ladrès ak eksperyans pandan yo ap resevwa fòmasyon pratik nan travay, pandan y ap bati kay bon mache pou fanmi sou pwopriyete ki vid e ki sou devlope nan katye popilè vil la. Depi 2004, MPACT ap sèvi sèt lekòl piblik ak kominote ki anviwonnen yo. Lekòl ki patisipe nan MPACT gen yon rediksyon 55 pousan nan tout kantite krim ki fèt. Depi MPACT te kòmanse nan ane 2001, jèn ki anwole nan pwogram nan bati 14 kay pou moun ki gen salè ba sou pwoprite ki nan katye popilè vil la, ki pèmèt yo amelyore lavi ak avni yo. Epitou jèn yo te ede bati premye “Green House” total Miami-Dade County, Palmetto Homes te konstwi, nan Vil Miami. Solidite ak efikasite pwogram MPACT a te fè l jwenn lajan nan Depatman Travay Etazini ki ap pèmèt li elaji pwogram li a nan 13 lòt lekòl atravè county a nan de twa ane k ap vini yo. Prim Fondasyon MetLife, “Local Initiatives Support Corporation (LISC)” (Kòporasyon Sipò Inisyativ Lokal) ap administre, rekonèt patenarya ant devlopman gwoup kominotè ak depatman lapolis ki redui krim e ki ankouraje devlopman lojman, aktivite ekonomik, ak amelyore sèvis kominotè nan kominote ki gen salè ba ak modere. Patenarya MPACT a pwouve gwoup kominotè yo ak lapolis ka pote anpil amelyorasyon nan sekirite ak byennèt katye yo lè yo entegre estrateji yo e pataje resous yo. Pou plis enfòmasyon, rele Rene Parker (MPACT) nan (305) 621-4598 oubyen Julia Ryan (LISC) nan (212) 455-1618, oubyen vizite www.lisc.org/csi oubyen www.metlife.org. ### 08-JJS/351/JAM/RL
|