POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 31 oktòb 2008

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ REYINYON
KOMITE SOU LIMIT PREZANS

 

KILÈS: 
Ofisyèl distri lekòl, anplwaye lekòl, paran ak sitwayen ki enterese
KISA:
Reyinyon Komite sou Limit Prezans
KILÈ: 

Mèkredi 5 novanm a 7è pou 9è diswa e
                        Jedi 6 novanm a 7è pou 9è diswa

KI KOTE: 

Oditoryòm Lekòl Segondè G. Holmes Braddock
                        3601 S.W. 147 Ave., Miami

POUKISA:

Reyinyon 5 novanm Komite sou Limit Prezans la pwograme pou pale sou chanjman limit yo pwopoze ki ka afekte elèv ki ale nan lekòl elemantè Joe Hall, Zora Neale Hurston ak Greenglade.  Yo ap pwopoze chanjman sa yo pou yo ka adrese rediksyon nan kantite elèv ki nan klas yo.

Reyinyon 6 novanm nan ap fèt pou pale sou chajman limit yo pwopoze ki ka afekte elèv ki ale nan lekòl mwayen Lamar Louise Curry, W.R. Thomas ak Zelda Glazer.  Yo ap pwopoze chanjman sa yo pou yo ka adrese rediksyon nan kantite elèv ki nan klas yo.  Akoz pwovizyon chajman limit sa a, elèv nan uit lekòl elemantè ka afekte tou lè yo antre nan lekòl mwayen.  Lekòl elemantè yo se Bowman Foster Ashe, Doktè Manuel C. Barreiro, Greenglade, Joe Hall, Zora Neale Hurston, Wesley Matthews, ak Village Green; e yon Sant K-8, Jane S. Roberts.

###

07-JJS/361/DF/RL

Retournen sou Nòt pou laprès