POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 Novanm 2008

KONTAKTE: Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS REMÈT BIS LEKÒL YO BAY MAJISTRA AYISYEN YO

MIAMI –Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho te rankontre jodi a ak Konsil Jeneral Ayiti a ak plizyè lòt diyitè ki te soti Ayiti nan Legliz Katolik Notre Dame d’Haiti pou remèt yon bis lekòl bay peyi sa a siklòn te ravaje a.  William Hernandez yon Vandè Distri a nan Sèvis “Choice Waste and Recycling,”  te fè peyi a kado yon kamyon fatra.
            Se Reveran Reginald Jean-Mary nan Notre Dame d’Haiti ki te prezide seromoni an, e ki te entwodui sipèentandan an ak Konsil Jeneral Ayisyen an Ralph Latortue.  Carvalho te ofsisyèlman remèt kle bis lekòl la bay Yvon Jerome, majistra Kafou, Ayiti.
            Pou plis enfòmasyon, silvouplè telefone Jaime Torrens, “Chief Facilities Officer” (Ofisye Anchèf Etablisman) nan 305-995-1401; oubyen Carl Nicoleau, “Office of School Facilities” (Biwo Etablisman Lekòl), nan 786-229-4117.

photo
Sipèentandan Carvalho ap bay lamen ak Yvon Jerome, Majistra Kafou a, ki te resevwa kle bis lekòl la.

###

08-JJS/369/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès