|
“U.S. NEWS & WORLD REPORT” NONMEN DE LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS MIAMI – Jodi a “U.S. News & World Report” anonse dezyèm lis anyèl 100 Lekòl Segondè ki pran Meday Lò ak de lekòl leta Miami-Dade County, “Design & Architecture Senior High School (DASH)” (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti) ak “Maritime & Science Technology Academy (MAST),” (Akademi Teknoloji Maritim ak Syans) resevwa nòt kòm meyè Lekòl Segondè nan Etazini pou ane 2009 la. Se dezyèm meday lò pou DASH, e premye pou MAST, ki te genyen yon meday ajan ane pase. Magazin nan onore tou sèt lòt lekòl segondè Miami-Dade. Pami gayan yo gen ladan meday ajan, bwonz ak deklarasyon onorab: Coral Reef - Ajan Robert Morgan Educational Center - Bwonz School for Advanced Studies South – Deklarasyon Onorab Magazin nan analize 21,000 lekòl segondè nan 48 eta kote li itilize yon fòmil ki soti nan yon biznis ki fè rechèch ak analiz enfòmasyon sou K-12 “Standard & Poor’s” ap dirije. Analiz yo te baze sou twa etap, egzamen “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse), egzamen “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal), ak toude egzamen AP ak IB yo ansanm. 100 lekòl ki te travay pi byen yo te genyen meday lò. Lis sa a ki gen tout lekòl yo disponib kounye a nan paj Entènèt “U.S. News” nan: http://www.usnews.com, e yo ap pibliye li semèn pwochèn. # # # 08/JJS/376/HD/SD |