POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 desanm 2008

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE, SIPÈENTANDAN AN
PRAL REYINI AK LEJISLATÈ ETA YO SOU FINANS

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade yo ak Sipèentandan Alberto Carvalho pral rankontre ak manm delegasyon lejislatif Miami-Dade nan Tallahassee 16 ak 17 desanm pou asire eta a bay fon sifizan pou edike 340,000 elèv jadendanfan jiska12 ane eskolè nan Lekòl Leta Miami-Dade County.
 
Akoz devastasyon rediksyon bidjè lekòl yo ane pase, yo te oblije redui pwogram edikasyonèl, salè administratè ak fon ki gen restriksyon sou yo, ansanm ak transfòme biwo santral distri a.
 
Carvalho di, “nan moman kondisyon ekonomik terib n ap viv kounye a, gen yon bezwen ijan pou gen yon sèl vwa nan enterè timoun Miami-Dade yo.  Se yon opòtinite ekselan pou manm komisyon konsèy lekòl yo ak lejislatè yo travay ansanm pou adrese bezwen elèv nou yo.”

# # #

08-JJS/379/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès