POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 2 jiyè 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO FÈMEN ELÈV MIGRAN YO DEYÒ KLAS YO

MIAMI – Elèv Migran ki rive nan Sant Redland ak Sant South Dade pou klas ete yo maten an te fè fas ak yon sipriz ki pat agreyab – pòt devan an te kadnase.

Devlopman an te pase apre Otorite pou Kay nan Homestead te refize renouvle kontra lwaye ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki te egziste depi prèske kat deseni. Avoka distri lekòl yo ap fè rechèch sou dwa distri a pou li re-antre sou pwopriyete a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te di, “Elèv ki resevwa sèvis nan pwogram edikasyon migran yo reprezante yon kominote ki trè frajil.  Li trèzenpòtan pou ofri sèvis edikasyonèl apwopriye pou elèv yo ka jwenn siksè e gradye. Distri lekòl la te mentni yon dosye eksepsyonèl pou sèvis yo bay kominote a depi plizyè ane.  Se regretan otorite pou kay ta pran yon aksyon konsa ki afekte negativman vi anpil moun ki nan bezwwen.”

Distri lekòl la ofri Sèvis Edikasyonèl Siplemantè regilyèman pou plis pase 600 elèv migran nan twa lokasyon nan dènye pwent sid County a.  Diran ete a, elèv yo resevwa aktivite espesyal pou ede yo kontinye edikasyon yo.

Yo bay sèvis espesyal pou adilt yo nan sant la ki gen ladan sèvis sitwayènte, ladrès pou lang, ladrès pou paran ak pwogram GED.

Fon pou distri lekòl pou sèvis edikasyon migran soti nan yon bous Depatman Edikasyon Etazini.

Sant Redland nan lokalize nan 29355 South Dixie Highway nan Homestead.  Sant South Dade Migran lokalize nan 13600 S W 312 Street.

###

09-JJS/001/GC/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès