POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 jiyè 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN CARVALHO BAY YON APÈSI SOU BIDJÈ DISTRI LEKÒL LA

MIAMI – Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho bay manm Komisyon Konsèy Lekòl yo yon apèsi sou bidjè ane lekòl 2009-2010 la jodi a, ak yon plan ki pa mande pou Komisyon Konsèy la pou enpoze ogmantasyon taks.  Eta a egzije yon ogmantasyon enpòtan nan efò lokal yo ki pral lakoz, sepandan, bòdwo taks rezidan county yo monte pi wo. 

Plan bidjè sa a ki chita sou valè, reflete prensip ki ap gide distri lekòl la: amelyore siksè elèv, pwoteje salklas, pwoteje mendèv la e kenbe pratikalite fiskal Distri a.
Carvalho di, “Bidjè nou an dwe reflete valè nou yo.  Bidjè sa a sou menm liy ak objektif prensipal nou: siksè elèv.”

Bidjè ane sa a vini ak nivo transparans ki pat janm egziste anvan pou tout moun ki gen enterè nan distri lekòl la.  Yo te devlope bidjè sa a apre plis pase uit mwa kote moun lokal ki gen enterè yo, ki gen ladan tòp “CEO’’ (gwo chèf egzekitif), chanm komès, ak administratè lekòl t ap bay lide ak patisipasyon yo.

Yo korije tout erè teknik ki te gen nan bidjè ane pase a atravè ekonomi yo reyalize pa mwayen yon rezolisyon bidjè Komisyon Konsèy la te apwouve an novanm 2008.  Bidjè a bay yon defayans salè reyalis ki baze sou pwojeksyon presi depans pou salè ak enfòmasyon  sou rediksyon aktyèl la. 

Bidjè a ogmante rezèv distri a tou, ki enpòtan pou kenbe pousantaj bond Distri a favorab.  Yo pral mete nan bidjè a de rekòmandasyon règleman solid: yon fon k ap kontinye pwoteksyon pou taks ak yon fon pwoteksyon pou anplwaye, pou antisipe sa Eta a kenbe ak previzyon yon ekonomi ki jeneralman fèb.

Rediksyon depans pi pitit nan bidjè ane sa a se te sa ki gen rapò dirèk ak enstriksyon.  Anplis, pap gen okenn gwo rediksyon mendèv nan pozisyon Fon Jeneral yo, malgre nou ap kontinye redui depans biwo santral yo.

Bidjè balanse sa a rive nan mitan kondisyon ekonomik ki pi difisil pifò Ameriken pa janm fè eksperyans nan vi yo e li simonte defisi ki te rive nan administrasyon anvan an, ansanm ak dezan gwo rediksyon ki fèt nan Eta a.  Distri lekòl nan tout peyi a ap fè fas egalman ak menm sikonstans devastan sa yo, e anpil te oblije ranvwaye pwofesè ak lòt anplwaye pou nouvo ane lekòl la.

Atravè yon plan pou redui kantite jou travay pou ane lekòl 2008-2009 la, Carvalho te an mezi pou satisfè rediksyon Eta a te fè nan mitan ane a.  Plan Carvalho a te jwenn sipò pasyone nan men tout òganizasyon travayè ki travay ak distri lekòl la, menmjan ak lòt anplwaye ki pa gen òganizasyon travayè ki reprezante yo.

Bidjè a mete Lekòl Leta Miami-Dade County nan yon pozisyon finansye ki pi solid depi plis pase yon deseni.

Atravè Sid Florid, yon deklen nan valè pwopriyete konbine ak yon gwo pousantaj kay labank sezi e ogmantasyon chomaj kontinye ap ravaje baz taks la.  Lejislati Florid la transfere .25 ‘‘mills’’ (1/10 sou chak santim) nan bidjè fonksyonman distri lekòl la pou voye nan bidjè kapital la.  Akoz rezilta defisi nan revni yo, yo pwomèt pou peye dèt yo nan ogmante pòsyon fon disponib kapital Distri a.  Pakonsekan, sa vin afekte sevèman abilite Distri a pou finanse pwojè nan lavni.

Depatman Edikasyon Florid te bay Distri a yon otorizasyon san fon ann akò ak Amandman pou Rediksyon Salklas an 2011.  Distri a te fè fas a yon defisi apeprè 70,000 plas pou elèv an 2004-2005, e akoz mank finans eta a pou nouvo konstriksyon, revni lokal yo te konsantre sou kapasite nouvo pwojè nan dezavantaj etablisman ki deja egziste yo.  Yo te ankese dèt konsiderab pou finanse konstriksyon baze sou ogmantasyon taks.  Moman konstriksyon lekòl yo rive menmlè ak anpil lòt konstriksyon bilding lokal, donk li ogmante pri yo.

Yon koudèy sou lavni, Carvalho avèti si pa gen okenn opsyon revni ki materyalize, finans ane 2011-2012 la ap mande yon rediksyon masif nan mendèv la ak yon deteryorasyon etablisman Komisyon Konsèy la posede.  Pèfòmans elèv yo ap afekte seryèzman, e li ka pran anpil deseni pou restore siksè elèv pou mete yo nan nivo aktyèl yo.


###

09-JJS/002/TR/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès