POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 10 jiyè 2009 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV LIDÈ NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP PATISIPE NAN PWOGRAM FONDASYON POSSE

MIAMI – Yon gwoup elèv nan lekòl leta Miami-Dade County pral gen yon opòtinite san parèy pou jwenn bous pou ale nan yon inivèsite prestijye atravè Fondasyon Posse, Inc.

Fondasyon an ap voye 10 elèv klas segondè nan Lekòl Leta Miami-Dade County nan Inivèsite Pennsylvania avèk bous konplè pou katran ann otòn pwochen, atravè yon patenarya ant Lekòl Leta Miami-Dade County ak Fondasyon Posse.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di “Se egzakteman kalite inisyativ ki nesesè pou ede elèv ki montre devouman ak entèlijans jwenn aksè a yon edikasyon kolèj premye klas.”

Fondasyon Posse la chèche elèv ki sot nan diferan milye ki montre gwo potansyèl akademik ak direksyon.  Yon fwa yo fin chwazi kandida yo, yo mete yo nan gwoup, oubyen ekip posse 10.

Pwogram nan gen kat pati: Pwosesis Evalyasyon Dinamik la evalye elèv lidè ekselan ki ka reyisi nan kolèj ak inivèsite siperyè; Pwogram Fòmasyon Anvan Kolèj la prepare Ekolye Posse yo pou kolèj atravè atelye ak aktivite pou devlope ekip travay ansanm; Pwogram kanpous la santre sou retni elèv atravè sipò, e Pwogram Karyè a ede elèv fè tranzisyon pou lidè nan travay la.

Fonde an 1989, Fondasyon Posse la gen twa bi, pami yo genyen elaji kantite moun kandida kolèj la pou li genyen plis elèv ki sot nan diferan kilti e asiste kolèj pou yo devlope anbyans ki pi akeyan pou elèv ki sot nan tout kalite milye.  Anplis, fondasyon an asire Ekolye Posse yo reyisi akademikman e gradye pou yo tounen lidè nan travay.  Plis pase 2,500 elèv te resevwa bous pou ale nan meyè inivèsite atravè pwogram nan.

###

09-JJS/003/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès