|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE AP LANSE PWOGRAM ATIS AN REZIDANS MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho anonse kreyasyon Pwogram Sipèentandan “Artist in Residence” (Atis an Rezidans) pandan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la jodi a. Y ap lanse pwogram nan an konjonksyon ak Miami-Edison Edu-Plex pou ane lekòl 2009-2010. Pwogram Atis an Rezidans la ap fòme atis pwofesyonèl, tankou mizisyen, ekriven, konpozitè, ansanm ak atis vizyèl ak dramatik, nan salklas yo pou entwodui elèv yo nan ar ak kilti. Pwogram nan gen objektif pou kreye yon fowòm pou elèv ak pwofesè pou pataje enstriksyon ar; bay elèv yo yon vizyon sou posiblite chemen karyè; nouri yon pasyon tout lavi yo pou ar, e bay elèv yo aksè dirèk ak atis pwofesyonèl. Premye fondatè atis an rezidans la se pral Daniel Bottero, ki se yon atis ki fè an Ajantin. Travay pent ki chaje ak talan sa a ekspoze atravè lemond. Bottero pral anseye klas chak mwa e elèv li yo pral asiste l nan desine e penn yon mi nan Lekòl Segondè Miami Edison. Anplis klas li yo, li pral vizite lòt lekòl tou pou pwomote ar. Distri lekòl la sipòte ar nan lekòl e konprann ekspresyon atistik enpòtan pou devlopman yon elèv. Elèv ki etidye ar amelyore prezans yo nan lekòl, aksantye ladrès kritik e kreyatif yo anmenmtan ogmante enstriksyon pèsonèl yo. Yon etid resan endike kreyativite ak inovasyon, tankou sa yo jwenn nan ar, se ladrès yo pral chèche anpil nan pwochèn ane ki pral vini yo akoz ekonomi global la. Pou plis enfòmasyon sou atis la, silvouplè kontakte Carolyn Blitz pa telefòn nan 646-409-2330, pa lèt elektwonik nan cblitz@studioBinternational.com, oubyen vizite www.BotteroDaniel.com. ### 09-JJS/004/DF/SD
|