LEKÒL SEGONDÈ MIAMI SPRINGS SENIOR FINI PAMI DIS MEYÈ YO NAN KOVANSYON MATEMATIK PRESTIJE MIAMI Yo resamman rekonèt Lekòl Segondè Miami Springs ki fini nan 10yèm plas 39yèm Mu Alpha National Conventinon (Kovansyon Nasyonal) nan Knoxville, Tenn. Konvansyon an pèmèt elèv ak pwofesè patisipe nan aktivite e konpetisyon ki gen rapò ak matematik. Ekip Miami Springs la pote vini 27 twofe e prim mayifik. Ekip ki gen don an genyen akolad nan plizyè divizyon, ki gen ladan Calculus Bowl, Chalk Talk, Discrete Math, Statistik, Entegrasyon, Pwoblèm Diferansyèl, Pami-Lekòl, Trijeometri e plis. Ekip la tou se yon gayan nan kopetisyon afich ak scrapbook. Mu Alpha Theta se yon sosyete onè pou matematik nan lekòl segondè nasyonal ak kolèj dezan. Ak plis pase 75,000 mamm nan 1,500 lekòl yo, Mu Alpha Theta ankouraje yon renmem pou matematik e pwomote karyè nan domèn ki gen rapò ak matematik. ### 09-JJS/006/DF/CF Nòt Editè: Foto Atache Ekip Mu Alpha Theta Lekòl Segondè Miami Springs la ap selebre yo fini nan 10yèm plas e yo genyen 27 twofe nan 39yèm Mu Alpha Theta Konvansyon Nasyonal nan Knoxville, Tenn.
Ekip Mu Alpha Theta Lekòl Segondè Miami Springs la ap amize yo nan pwonad montay pou devlope bon kamaradri ekip anvan yo te patisipe nan 39yèm Mu Alpha Theta Konvansyon Nasyonal nan Knoxville, Tenn.
|