POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 27 jiyè 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

DISTRI LEKÒL LA PAP FÈ REKLAM POU OGMANTE TAKS

MIAMI – Pou premye fwa nan yon deseni, distri lekòl Miami-Dade pap fè reklam pou ogmante taks ane sa a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho  di, “Nou dwe pran an konsiderasyon devastasyon ekonomik san parèy sa a ki deja egziste nan kominote sa a lè nou ap planifye pou taks yo pral enpoze sou pwopriyetè kay yo.  Nou dwe fè efò pou pran konsyans pou evite ogmante taks nenpòt lè sa posib.”

Gen de eleman majè ki responsab pou pifò taks lekòl pwopriyetè kay peye.  Premye a se efò lokal eta a mande.  Kòm valè kay yo diminye pandan ane resan yo, se menm jan pou lis taks pwopriyete nan Miami-Dade, e Lejislati Florid la te fòse ogmante “millage” (taks sou pwopriyete) pou pòsyon taks sa yo.  Se Tallahassee ki detèmine pati taks sa a anyèlman e, daprè lalwa, yo dwe chaje li lokalman.  Demand pou efò lokal millage la pral pase de 5.146 pou monte 5.450 “mills” (1/10 sou chak santim) ane sa a, ki pral lakoz pwopriyetè kay òdinè sibi yon ogmantasyon de $64.82.

Lòt eleman majè taks lekòl yo se millage lokal yo enpoze a, ki se Komisyon Konsèy Lekòl la ki kontwole l.  Pati taks sa a aktyèlman pral diminye de .139 mills konsa sa pral diminye bòdo taks pwopriyetè kay mwayen de $28.53.

Pandan plizyè ane ki sot pase yo, Miami-Dade County temwen yon tandans ki vin debouche sou yon chanjman dramatik nan pri edikasyon soti sou eta a pou ale sou moun ki peye taks lokal yo, ak eta a ki bay sèlman apeprè 30 pousan sou fon total la,  lè sèlman kèk ane desa li te bay 70 pousan.

Distri Lekòl Miami-Dade la tou pa pral enpoze yon .25 mills adisyonèl pou kapital konstriksyon.  Lejislati Florid la te bay distri lekòl la opsyon pou fè sa, lè pou yo bouche yon twou nan fon pou edikasyon aprè yo te chanje .25 mills fon kapital distri lekòl la  pou ale nan operasyon bonè nan ane sa a. 

Carvalho di, “Yo te prezante rekòmandasyon millage la  bay Komisyon Konsèy Lekòl la daprè egzistans lalwa ak respè pou kominote nou an, ki fòme, an gran pati, ak paran elèv distri lekòl la ap sèvi.  Elèv sa yo reprezante avni nou, e nou dwe toujou fè sa ki bon pou pwoteje yo e asire edikasyon yo.”

Carvalho ajoute, “Nou dwe met nan tèt nou, sepandan, akoz Lejislati a ap itilize lajan “stimulus” federal la pou bouche twou nan fon lekòl, nou ap viv kounye a sou prete, nan itilize lajan ki la tanporèman.  Gen yon bezwen pou yon solisyon alontèm nan nivo eta a e federal.  Kounye a se moman pou mete timoun yo an premye.”

###

09-JS-007/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès