|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 12 out 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
PAKE ENFÒMASYON M-DCPS SOU OUVÈTI LEKÒL 2009-2010 DISPONIB SOU ENTÈNÈT KOUNYE A
MIAMI – “Pake Enfòmasyon Lekòl Leta Miami-Dade County sou Ouvèti Lekòl 2009-2010” la disponib kounye a sou Entènèt pou paran avèk elèv yo.
Yo fè pake enfòmasyon an pou enfòme paran sou diferan pwogram ki vize bezwen elèv yo. Elèv yo ka benefisye de enfòmasyon yo jwenn nan pake enfòmasyon an, e paran ka sèvi ak li tou pou jwenn dat ak règleman enpòtan konsènan edikasyon pitit yo.
Paj Entènèt la gen enfòmasyon sou sijè tankou enstriksyon avanse atravè anwòlman doub, demann pou gradyasyon rive nan vaksen ak patisipasyon paran. Pake enfòmasyon an disponib ann Anglè, Kreyòl ak Espayòl.
Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite li nan http://news.dadeschools.net/toolkit0910.htm
###
09-JJS/009/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |