POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 5 out 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE EKSTANSYON KONTRA
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO

MIAMI – Jodi a Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve ekstansyon kontra Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho jiska 30 jen 2013. 

Plizyè douzèn Lejislatè, majistra, lidè biznis, edikatè, paran ak elèv te rasanble nan reyinyon mansyèl Komisyon Konsèy la pou pale anfavè ekstansyon kontra Carvalho, baze sou gwo pèfòmans li pou ane ki sot pase a.

Depi li te rive Sipèentandan 10 septanm 2008, Carvalho te amelyore siksè elèv, e te vin gen yon ogmantasyon dramatik nan pèfòmans nòt lekòl yo, ak yon kantite rekò lekòl ki fè nòt A.  senkantuit pousan lekòl nan Distri a resevwa A pou ane lekòl 2008-2009 la, e 90 pousan lekòl yo resevwa nòt pèfòmans A, B, oubyen C.

Carvalho te jere tou $400 milyon rediksyon bidjè distri lekòl la, diminye dimansyon biwo santral distri a dramatikman, pandan li t ap pwoteje salklas ak mendèv la.  Carvalho di Komisyon Konsèy la, “Mwen se byen nou.”

Carvalho anonse li ap bay distri lekòl la donasyon pèman pou de angajman prezantasyon li pral fè, ki gen ladan $25,000 kòm prezantatè prensipal.  “M espere, li ap ede sove travay yon moun.”      

###

09-JJS/010/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès