|
PREZIDAN CLINTON REKONÈT 18 LEKÒL MIAMI-DADE PASKE YO KREYE PWOGRAM ‘HEALTHY SCHOOLS’ (LEKÒL KI FAVORIZE LASANTE) MIAMI – Prezidan Bill Clinton ap rekonèt plis pase 100 lekòl atravè peyi a jodi a 4:30 nan aprèmidi nan Vil New York paske yo kreye yon anviwònman ki favorize lasante pou elèv ak anplwaye atravè Pwogram ki Favorize Lasante nan Lekòl yo. Dizuit lekòl leta Miami-Dade County pral resevwa onè a. Gen twa lekòl ki resevwa meday ajan, e 15 ki resevwa meday bwonz. Nan Lekòl Elemantè Blue Lakes, 12 pwofesè te mete tèt ansanm pou kòmanse pwogram nan an janvye dènye. Yo rekrite de paran, ki se tou antrenè prive, pou vini twa jou pa semèn apre klas, pou “mete yo anfòm.” Y ap kontribye pou peye frè yo. Rachel Juliano di, “Mwen pa ka tann jou lendi, mèkredi ak jedi yo rive paske mwen vle pase tan avèk zanmi kòlèg mwen yo pou nou ka fè yon bagay ki bon pou noumenm. Nou tèlman fyè youn de lòt.” Prèske youn sou chak twa adolesan Ozetazini obèz oubyen gen yon pwa ki depase limit. Pou reponn ak epidemi sa a, “Alliance for a Healthier Generation” (Alyans pou yon Jenerasyon ki Pi Ansante) – yon patenarya kolektif nan “American Heart Association” (Asosyasyon Ameriken pou kesyon Kè) avèk Fondasyon William J. Clinton – etabli Pwogram Lekòl ki Favorize Lasante an 2006 pou ede lekòl yo devlope e aplike règleman ak pratik pou pwomote alimantasyon ki bon pou lasante ak aktivite fizik. Pwogram Lekòl ki Favorize Lasante a adopte yon apwòch global pou ede lekòl kreye yon anviwònman ki bon pou lasante nan travay avèk yo pou amelyore aksè ak manje ki bon pou lasante; ogmante opòtinite aktivite fizik avan, pandan e apre lekòl; ranfòse edikasyon sou nitrisyon; e etabli pwogram byennèt anplwaye lekòl. Lekòl ki Favorize Lasante yo elijib pou resevwa yon Prim Rekonesans Nasyonal ki baze sou fason yo aplike yon seri pwogram alimantasyon ki bon pou lasante ak aktivite fizik avèk règleman. Seremoni jodi a ap pase andirèk tou, atravè retransmisyon sou Entènèt nan www.HealthierGeneration.org. Nòt Editè a: Wè Atachman foto ak lis lekòl yo onore yo.
Kòmantè: Rachel Justiano poze avèk Sètifika Lekòl Elemantè Blue Lakes te resevwa, nan Miami, Florid.
### 09-JJS-PressRelease/012/TC/GC/CM
|